Accessibility links

Breaking News

Entèdiksyon Vòl Avyon Yo Leve  Sou Kontinan Ewòpeyen an


<!-- IMAGE -->

Sou kontinan ewopeyen an, ajans ki kontwole trafik avyon yo, Ewokontwòl, fè konnen preske tout espas ayeryen ewopeyen an relouvri pou avyon vole ankò.

Ajans ewopeyen an estime apeprè 28 mil avyon ka dekole jedi 22 avril la atravè tout kontinan an aprè yon gwo kokenn nyaj, melanje ak sann ki sòti nan yon vòlkan ki antre ann' eripsyon nan peyi Island, te fòse responsab aviasyon ewopeyen yo entèdi / pandan 6 jou / tout vòl avyon.

Men Ewokontwòl di entèdiksyon vòl la rete valab toujou pou pati nò peyi Lekòs e pou kèk rejyon nan peyi Lanòvèj, Laswèd avèk Fenland.

XS
SM
MD
LG