Accessibility links

Breaking News

Lavi a Pa Fasil Pou Travayè  Latè  Nan Miami


<!-- IMAGE -->


Gen plis pase 400,000 travayè latè nan eta Florid. Majorite nan yo se Meksiken, men gen anpil Ameriken nwa ak Ayisyen kap fè travay sa a tou.

Asosyasyon Travayè Latè Eta Florid la fè konnen agrikilti se youn nan metye pi danjere ki egziste. Met sou sa, se youn pami metye ki peye mwens lajan yo. Travay la danjre, paske anpil fwa moun yo ekspoze a pwodui chimik plantè yo itilize pou yo flite plant yo. Rekòlt la mande anpil efò fizik; kidonk, nan nuit bra, do ak janm travayè yo konn fè yo mal.

Lè ou pran wout Homestead kote plizyè santèn Ayisyen ap keyi pwa sou fèm, peyizaj la bèl anpil. Chaje gwo pye palmis, zèb la vèt, jaden yo donnen e ou ka pran lodè fre tè a ak plant yo nan lè a. Pou yon touris se yon bèl pwomnad, men reyalite pou ouvriye agrikòl yo a se ke lavi a pa fasil ditou-ditou pou yo .

<!-- IMAGE -->

Yo fè konnen yo dwe leve bonè - ant twa e katrè dimaten epi apre sa yon "kontraktè" pase chèche yo nan otobus vè senk-sizè pou mennen yo nan jaden al rekòlte danre.

Travay keyi pwa, tomat, elatriye... komanse vè uitè konsa pou fini apre 7 tè di swa. Apre, travayè yo monte otobus pou y'al lakay yo. Demen'm maten se "menm djaz la"... yo repedale nan menm woutin nan.

Lè ou pale ak travayè latè yo - gason kou fi - yo di'w travay la di men yo pa gen chwa... e malgre travay kase-ren sa a, yo jwenn mwayen souri. Yo deklare rekonsesan dèske yo gen yon mwayen pou yo fè yon ti tcho-tcho.

Gen kèk ki pat vle pale avèk nou, paske yo pè pou yo pa gen pwoblèm ak fòman nan (kontwolè bitasyon an). Yon dam eksplike li depanse "anpil enèji, anpil fòs."Pafwa, mwen fè tout jounen ap travay... ou leve, ou manje, bwè epi ou retounen travay".

<!-- IMAGE -->

"Gras a Dye, mèsi, nou degaje nou; nou pa pi mal... se sa yon travayè ki te fenk sòti nan jaden di nou. " M' pa konn konbyen bokit mwen plen jodia men m'fè plizyè."

Yon lòt dam (li di li gen 76 zan) pwente byen ge e plen jèvrinn sou plantasyon an. "M'vin isit an 2001. An 2003, mwen antre nan travay sa a. Li ede'm peye tout bagay, tout bagay..." li eksplike.

Men kontraktè yo, yo menm, pa vire lang yo nan bouch yo pou yo di pi gwo pwoblèm kap trakase yo se yon mank lidèship ak diskriminasyon y'ap sibi nan men kèk responsab. Yo pa konn ki kote pou yo jwenn rekou kont sitiasyon sa a.

Laroche se yon kontraktè k'ap viv Ozetazuni depi 30 an. Li di li se moun Okap. Laroche ap travay nan domèn agrikilti nan Eta Florid depi vennsenkan. Misye eksplike kijan travay sa a fèt egzakteman.

"Ayisyen an bezwen konnen lap fè anpil lajan . Youn ap fè 40, youn' ap fè 50, youn lòt ap fè 60. Li toujou ap fè efo pou l' pase devan lòt la, kòmkwa pou lòt la pa keyi plis pase'l," misye eksplike. Laroche presize moun yo touche $3.50 pou chak bokit pwa yo keyi e yo keyi ant 15 ak 40 bokit pa jou.

"Li pa ilegal. Se gouvènman an ki konnen, se konsa'l vle'l. Chak fwa salè minimom nan monte, li ogmante'l," Laroche presize. Misye di lè y'ap keyi fwi tankou tomat, pa egzanp, yo ka plen plis bokit pi vit paske sa pa mande twòp efò pou plen bokit la".

Lè bokit la finn plen, fèmye a mete'l nan yon gwo bwat, e apre yo lave pwa a e anbale pou voye al vann nan makèt.

Laroch di travayè Meksiken yo se pi gwo konpetisyon Ayisyen rankontre nan djòb rekòlte jaden an.

Lwa eta Florid mande pou nempòt moun k'ap anboche, transpòte ou anplwaye travayè latè yo gen yon lisans pou yo biznis sa a. Kontraktè yo ap travay anba lwa ki sevè anpil e ki mande pou yo repskete "normes" ki wo anpil.

<!-- IMAGE -->

Eta a di objektif lwa sa yo, se asire sekirite moun gran plantè yo anplwaye. Pami responsabilite kontraktè yo, nou jwenn: founi bonjan mwayen transpò kote ouvriye yo an sekirite, ofri kay solid pou travayè agrikòl yo rete ansanm ak yon kote pou y'al nan twalèt e ki pa lwen plantasyon an.

Tanzantan, enspektè al vizite chan yo pou asire travayè latè yo gen tout resous yo bezwen. Dapre Jerry Wilson, responsab Divizyon Regilasyon Eta Florid la, yo tabli anpil mezi pou asire travayè yo okouran règleman ki la pou pwoteje yo. Misye Wilson fè konnen depatman li an la pou pwoteje travayè yo ansanm ak moun kap transpòte yo, epi verifye yo gen dlo, bon kondisyon ijyèn e ke tout moun kap travay avèk yo gen lisans pou yo fè djòb la.

Yo tcheke tou pou verifye si lajan ouvriye yo touche se lajan regleman yo egzije yo dwe touche. Misye Wilson di anketè yo gen yon lis kontwòl nan men yo, e yo dwe tcheke l' lè y'al sou teren an. Pami pwoblèm ak vyolasyon anketè yo ap verifye gen: sekirite mwayen transpò yo, aksè a dlo ak kondisyon sanitè yo.

Laroche ak plizyè lòt kontraktè ayisyen kritike yon sèten Lydia (Vilar Reynolds). Mesye yo di madan Reynolds se yon anketèz kap rann lavi yo enposib. Yo di li vize yon fason patikilye Ayisyen pandan li "fèmen je'l sou sa k'ap pase pami kontraktè Meksiken yo".

"Lòt kontraktè yo sanble pataje menm opinyon an sou anketèz Lydia Vilar Reynolds.

"Yo [responsab yo] te vinn fè yon miting la a...imigrasyon te ban'm papye... yo te di'm nempòt lè rele yo. Meksiken ap travay san papye, yo pa gen pwoblèm. Nou menm ki gen papye nou paka travay". Deklarasyon kontraktè Joseph Fisteyak.

"Pwoblèm nan, se Gregory ak Lydia... se yo kap bay pwoblèm. Si te gen yon Ayisyen ki te ka ede nou tou... Pa gen lidè."
Dapre kontraktè yo, lidè politik Ayisyen nan zòn nan pa fè anyen pou ede sityasyon an non plis.

Responsab pou Divisyon Regilasyon Eta Florid la, Jerry Wilson di yo okouran plent moun pote kont anketèz Lydia Vilar Reynolds. Misye di gen 6 mwa de sa, yo te voye yon sipèvizè nan zon nan pou entèvyouwe fèmye, kontraktè ak travayè latè yo. Nan fen ankèt la yo pat jwenn ase enfòmasyon pou pran sanksyon kont Madan Reynolds.

"Nou la, pou aplike lwa a epi fè respekte li" Wilson fè konnen. "Nou geyen anketè ki pale Kreyòl. Men se nan rejyon Palm Beach."

Misye Wilson di, pou kounye a, yo pa gen entansyon wetire madan Reynolds nan zòn nan men li gen anpil kè sote devan plent moun pote yo.

"Sa enkyete nou, si se la verite. Mwen ta renmen mennen ankèt sou kesyon an. Petèt mwen ka voye envestigatè ki pale kreyòl la nan zòn nan pou pale ak moun yo, " Wilson deklare.

Misye Wilson ajoute Depatman Regilasyon an gen yon nimewo telefòn travayè latè yo ka rele gratis si yo vle pote plent pou nempòt moun e mete otorite yo okouran yon sityasyon kap trakase yo.

<!-- IMAGE -->

Nimewo a se: 1-800-633-3572.








XS
SM
MD
LG