Accessibility links

Breaking News

Bank Mondyal Diskite Pwojè Rekonstruksyon ak Prezidan Preval



Direktris rejyonal Bank Mondyal la fè chita pale ak Prezidan Rene Preval sou dosye pwojè rekonstruksyon yo.

Kom ou konnen Bank Mondyal se limenm ke kominote entènasyonal la chwazi pou'l jere fon kote tout peyi donatè yo pral mete lajan. Se Bank Mondyal ki pral kontwole fon sa a apre ke yo va mete sou pye komisyon enterimè a. Komisyon sa a va fè pwopozisyon pou pwojè nan benefis popilasyon Ayisyèn nan.

Responsab Bank Mondyal la fè konnen enstitusyon an gen entansyon ranfose pèsonèl li nan Potoprens.

XS
SM
MD
LG