Nan Kyrgyzstan, temwen fè konnen kout zam marye nan yon manifestasyon ki tap fèt nan vil Osh kote prezidan dechouke-a, Kurmanbek Bakiyev tap pale.
Msye Bakiyev te fèk ak fè yon diskou devan yon foul djanm ki te gen 2000 moun lè tire-a te komanse. Yo pako konnen ki moun ki te tire anvan, men imaj ki parèt sou televizyon montre yon gwoup patizan Bakiyèv-yo ki te avanse tou prè podium kote msye tap pale-a.
Gad du kò msye Bakiyev-yo te aliyen devan prezidan dechouke-a pou proteje-l epi yo te tire an lè.