Accessibility links

Breaking News

Yon Etidyan Univèsite Ameriken Dekouvri Sa k' Sanble Yon Deklarasyon Endepandans Ayiti


Yon etidyan-26-zan nan Inivèsite Duke isit ozetazini, dekouvri sa-k sanble ak yon deklarasyon endepandans peyi d'Ayiti a.

Etidyan Julia Gaffield fè dekouvèt sa a pandan-l tap fè rechèch sou Ayiti nan Achiv Nasyonal Britanik la nan vil Londres ann Angleterre.

Ayiti te pran endepandans li nan-men la Frans nan dat 1 Janvye 1804 e lidè revolisyonè yo te pase lòd pou yo enprime tèks deklarasyon endepandans la epi pou yo voye yo a l'etranje.

Etidyan an fè konnen deklarasyon endepandans Ayiti a, ki se yon vèsyon-enprimé ki gen 8 paj, te trouve-l nan biwo Achiv Nasyonal Britanik la depi lontan, sepandan yo pat prete atansyon ak sa.
Achivis ayisyen Patrick Tardieu fè konnen dekouvèt deklarasyon endepandans Ayiti a, yon dokiman-enprimé, se yon dekouvèt ki trèz-enpòtan ni pou savan yo, ni pou pèp Ayisyen an.

XS
SM
MD
LG