Accessibility links

Breaking News

Kandida Repibliken Pou Pòs Depite 17èm Awondisman Miami a Vle TPS Pou Tout Karibeyen


7 Kandida kap chache ranplase Depite Ameriken Kendrick Meek kom reprezantan 17èm awondisman vil Miami a nan Kongrè Ameriken an te patisipe nan yon deba chofe 31 Mas nan lokal sendika AFL-CIO genyen nan Opa Locka. Tout kandida ki te patisipe nan deba a - pami yo gen 3 Ayisyen - se patizan demokrat. Men, te gen yon Repibliken nan gwoup la tou: Corey Poitier.

Misye Poitier ki se pitit moun peyi Bahamas prezante tèt li tankou yon konsevatè, e malgre gwo chirepit ki egziste aktyèlman ant pati Demokrat la ak pati Repibliken an nan Washington, misye di li kwe pi fò kandida pou depute yo te pataje plizoumwen menm opinyon an avèk kèk ti diferans.

"An jeneral, tout moun tap di menm bagay la, platfòm pa mwen se yon platfòm ki sòti andeyò norm yo -- sètadi yon pwen'n vi diferan - yon pwen'n vi konsèvatè - ki pi danse-kole ak atitid karibeyen an," misye deklare. "Nou se yon fanmi konsèvate nou al legliz nou travay di nou pa vle pou moun annik fè nou kado bagay, nou pito travay pou n' reyalize- nou ta renmen jwenn rekonpans selon valè travay nou. Nou pap chache anyen gratis. Nou vle pou moun aji avèk nou yon fason jis, epi pou n' ka pouse pou pi devan."

Corey Poitier se yon pwofesè lekòl (li di li gen anpil elèv ayisyen nan klas li) ki kwè politisyen yo ta dwe apwochab e aksesib epi disponib pou moun yo reprezante yo. Misye di sèl sa li regrèt nan deba a se lefèt moun pat poze okenn kesyon sou imigrasyon.

"Okenn nan kesyon yo pat siprann mwen - men'm te yon ti jan desi ke nou pat diskite kesyon imigrasyon an, sètadi sou yon plan jeneral - men mwen kwè si yon moun te poze yon bon kesyon ou te ka makònnen plizye sijè ansanm paske, dapre mwenmenm, tout kesyon sa yo makònnen, sètadi: imigrasyon, edikasyon, travay, komès-- yo tout lye ansanm," dapre misye Poitier.

Sou kesyon TPS la (Statu Pwoteksyon Pwovizwa) Misye Poitier di li ta renmen pou tout imigran ilegal jwenn menm benefis la, pa sèlman Ayisyen.

"Mwen kwè tout moun ki sòti nan karayib la ta dwe benefisye TPS," paske'm kwè tout moun kap kouri kite karayib la ap fò sa pou rezon sosyo-ekonomik. Se pa paske y'ap soufri anba rejim kraze zo. Mwen kwè lè ou pase yon pakèt tan ap viv anba yon rejim kominis, ou pa konn okenn lòt sistèm gouvènman - kidonk, y'ap kouri kite peyi yo pou vini Ozetazini pou menm rezon tout lòt imigran fè l' la. Se yon opòtinite pou'w reyalize pi plis pase sa ou te janm espere reyalize." Deklarasyon misye Poitier.

Kanta pou poukisa li kwè yon Ayisyen ta dwe vote pou li olye yon kandida ayisyen, misye Poitier di sa ki pi enpòtan an, se chwazi yon kandida ki pral travay pou amelyore sityasyon la vi ou.

"Mwen kwe Ayisyen yo pa ta dwe mize twòp sou lide kòmkwa se pou yon kandida ayisyen yo dwe vote. Ayisyen yo ta dwe mande tet yo pito kiyes ki pi byen plase pou rezoud kesyon kap trakase yo," pawòl misye Poitier. "Map travay ak kominote ayisyèn nan depi byen lontan anvan tranbleman de tè a. Mwen te fè pati yon gwoup ki te konn ap voye manje ak pwovizyon medikal bay Ayisyen kap viv nan mòn yo nan yon epòk kote yo te bezwen èd dijans, epitou mwen kwè lè ou abite nan yon kominote e ou koute doleyans sitwayen yo...epi ou fè tankou si sete pwoblem pa ou, eben se sa ki fè'w yon pi bon kandida. Mwen pa yon politisyen ki fè karye, mwen se yon senp sitwayen ki vle fè yon bagay ekstwòdinè e istorik."

Lè Corey Poitier tap bay opinyon ni sou dives kesyon, gen kèk manm asistans la ki te kritike'l byen fò. Sa pa gen lontan, Poitier te resevwa anpil kritik tou akòz li te itilize yon mo pejoratif pou l pale de Prezidan Obama nan moman li tap denonse plan refom swen sante a nan yon diskou. Kèk moman apre, Corey Poitier te prezante ekskiz.

XS
SM
MD
LG