Accessibility links

Breaking News

Deba Byen Chofe Ant Kandida Pou Syèj Depite 17èm Awondisman an Nan Eta Florid



Sendika travay AFL-CIO nan Opa Locka a òganize yon deba ant kandida ki vle reprezante 17èm awondisman an nan Kongrè ameriken an. Sal konferans kote deba a t'ap fèt la te sitèlman chaje moun, sèten patisipan te sètoblije kanpe pou yo koute kandida yo. (Majorite asistans la sete Ayisyen.)

Yon total de 7 kandida te sou plas pou deba sa a kote manm sendika yo te poze kesyon sou sijè ki gen anpil enpètans pou elektè yo tankou: swen-sante, chomaj, edikasyon, komès ak refòm nan sistm bankè a.

Tout politisyen sa yo ap chache ranplase demokrat Kendrick Meek ki deside poze kandidati li ane sa a pou yon pòs nan Sena ameriken an. Misye Meek pat reponn prezan paske li te Nouyòk, kote li tap asiste konferans bayè de fon entanasyonal yo nan Nasyonzini.

3 kandida ayisyen te reponn kesyon epi prezante platfòm yo pou eleksyon kap vini an. Yo se: Marlène Bastien, Philippe Brutus ak Dr. Rudy Moïse.

Madan Bastien, ki se lidè òganizasyon FANM (Fanm Ayisyen Nan Miami) e kap travay sou sèn politik la nan sid Florid depi 28 an te mete aksan sitou sou demach li fè pandan tout ane sa yo pou defann enterè elektè ak konpatriyot ayisyen li yo. Li di Vwadlamerik li kwè li genyen deba a paske li demontre byen kijan li byen prepare pou reprezante disetyèm awondisman nan Kongrè a.

"Kominote a gen yon gayant!" Madan Bastien deklare. "Diferans ant mwenm ak lòt kandida yo, se ke mwen pap pale sou sa mwen pra l akonpli, kòmkidire yon bagay "hipothétique". Tout sa'm di la a, map travay sou yo... mwen viv yo, e lè m' rive Washington m'ap kontinye travay sou yo... e piblik la te konprann sa."

Philippe Brutus, bò kote pa li, se yon avoka ki fè karyè nan defann enterè konpatriyòt ayisyen li yo e li di li deside poze kandidati li paske li kwè li enpòtan pou li sèvi peyi kote lap viv la. Misye di si Granmèt la vle pou'l genyen eleksyon an l'ap genyen li.

"Vi'm se yon vi sèvis, se yon vi [angajman], se yon vi lit pou sila ki pa posede anyen yo," selon misye Brutus. "Mwen gen yon devwa sakre paske mwen rive la a jounen jodia... si'm la a se paske moun te ban'm la men [asistans]."

Dr. Rudy Moïse se petèt kandida ki te gen plis patizan nan asistans la. Li fè konnen li pa politisyen men li kwè eksperyans li nan travay ak moun kòm doktè, li gen yon metriz nan administrasyon komès, li reyisi nan lekòl dwa epi li sou wout pou l pran grad kolonèl antanke rezèvis nan Fòs Ayeryèn eta Florid la. Tout faktè sa yo ba li konesans ki nesesè pou'l reprezante sitwayen awondisman 17 la nan Kongrè a.

"Kounye a, apre pwojè lwa swen sante a finn pase nan Washington, gen anpil moun ki pral jwenn swen sante... mwen kwè yon moun ki gen konesans nan domèn swen sante ta dwe ede prezidan an aplike li," dapre doktè Moïse. " Mwen gen yon metriz nan administrasyon swen sante, donk mwen santi'm pi kalifye... e mwen ka ede prezidan Obama mete pwoje lwa a an pratik."

Rudy Moise ajoute li ta renmen rann peyi a sèvis paske li rive reyalize yon pakèt bèl bagay pandan lap viv Ozetazini.

Pandan deba a, majistra Shirley Gisbon te voye pwent sou doktè Moïse pou di depi misye ap viv Ozetazini, se 4 fwa sèlman li vote. Doktè Moïse demanti akizasyon sa a ke li kalifye kòm yon deklarasyon san fondman (ki pa chita sou okenn prèv) e li di li gen yon dosye li pral mete sou sit web kanpay li a e ki montre konbyen fwa li vote - misye di se yon lis byen long.

Ki enpresyon patisipan yo sou deba a? Eske sa ede yo fòme yon opinyon oubyen apiye yon kandida an patikilye? Pi fò moun ki pale avèk nou apre rankont la di yo kwè ta dwe gen yon sèl kandida ayisyen nan kous la.

"Kisa kandida Ayisyen-Ameriken sa yo pral fè pou Ayisyen, paske distri sa a enpòtan anpil pou 17èm awondisman an paske se distri Kendrick Meek te reprezante nan Kongrè a," jounalis Ernst Jean-Louis ki travay pou jounal Kiskeya Herald nan Miami siyale. "Tout moun Ayiti konnen kiyès ki Kendrick Meek, men yo pa konnen sa'l fè. Men si Ayisyen-Ameriken yo te òganize, nou te ka di yo deja genyen distri sa a."

Deba yo pral kontinye pandan mwa kap vini yo ann'atandan eleksyon Novanm 2010 la.


XS
SM
MD
LG