Youn nan pwen enpòtan reyinyon entènasyonal 31 mas Nasyon Zuni sou Ayiti-an nan New-York se prezantasyon yon komisyon enterimè 15 manm.
Chef sivil Misyon Stabilizasyon LONU-an nan Potoprens, Edmond Mulet, di Lavwadlamerik Prezidan Ayisyen-an, René Préval, ap gen dwa veto sou komisyon 15 manm sa-a ki pral gen pou responsabilite monte yon ajans rekonstriksyon pou peyi-a epi jere lajan kominote entènasyonal-la pral bay.
Komisyon sa-a ap gen nan tèt li premye minis Ayisyen, Jean-Max Bellerive, ak yon pèsonalite entènasyonal yo pral konfime nan reyinyon 31 Mas la.