Accessibility links

Breaking News

Gwo Responsab 100 Peyi Etranje Rasanble nan Nouyok pou Konferans Donatè Entènasyonal-yo


Otorite Nasyon Zuni-you fè konnen Ayiti pral chache jwenn $3.8 milya nan men donatè entènasyonal-yo nan yon konferans kap dewoule jodi Mèkredi 31 Mas-la nan katye jeneral l’ONU-an nan New York, kote patisipan-yo pral diskute sou rekontruksyon Ayiti apre tranbleman de tè ki te devaste peyi sa-a nan mwa Janvye pase-a.


Delege ofisyèl ki sòti nan plis pase 100 peyi pral patisipe nan konferans sa-a, kap dewoule preske 3 mwa aprè yon gwo kokenn soukous te devaste kapital-la, Pòtoprens, ak kèk lòt vil, tankou Leyogàn, Ti Gwav ak Jakmèl. Omwen 217,000 moun mouri e plus pase yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete.


Prezidan Ayisyen-an, René Préval, ak Sekretè-jeneral l’ONU-an, Ban Ki-moon, pral ko-prezide konferans-la. Sekretè-d'Eta Ameriken-an, Hillary Rodham Clinton, ap prezan tou, ansanm avèk mari-li, ansyen prezidan Bill Clinton, ki okipe kounyela-a pòs anvwaye espesyal Nasyon Zuni pou Ayiti. Yè Madi-a, otorite l’ONU-yo fè konnen Ayiti ta dwe resevwa imedyatman asistans umanitè, menmsi komunote entènasyonal-la fikse atansyon-n kounyela sou travay ki dwe fèt a lon-tèm pou rebati peyi-a.


Pòtpawol Nasyon Zuni pou Kowòdinasyon Afè Umanitè, Elizabeth Byrs, deklare, aprè l’ONU te lanse apèl pou l mande èd umanitè pou Ayiti tou suit aprè tranblemandetè-a, repons li jwenn-nan kapab satisfè sèlman 48 pousan bezwen ki genyen sou teren-an nan peyi-a; sa ki pi rèd-la, sè ke genyen yon kanpo nan kontribusyon pou ede viktim yo.
Bò kote pa-l, potpawòl Pwogram Alimantè Mondyal-la (PAM), Emila Casella, dakò ak pawol kap di apui pou èd umanitè-yo dwe manche ansamm ak plan rekonstruksyon nayonal-la ann Ayiti. Daprè madam Casella, PAM komanse kite dèyè faz ujans-la pou l adopte yon estratji kote lap abòde sekurite alimantè a lon-tèm populasyon-an.


«Estrateji sa-a genyen ladan-n sekurite pou moun ki pi vulnerab nan peyi-a, kote nap ranfòse agrikultu lokal-la e apiye mache lokal-yo," Madam Casella deklare. "Populasyon nou vize-a kapab monte rive 2 milyon moun. Nou pral kòmanse travay sa-a ann Avril, kote nou pral pote asistans alimantè bay tout ti moun ki genyen mwens ke 5 kan… Se sa nou konte fè lè lekòl-yo va relouvri."


Espesyalis entènasyonal ki analize sitiyasyon-an ann Ayiti aprè tranblemandetè 12 Janvye-a, fè konnen genyen gwo bezwen nan divès domèn-kle, tankou agrikultu, abri pou moun ki pèdu kay-yo, edukasyon ak manje; e anpil travay rete pou fèt pou satisfè bezwen sa-yo.

XS
SM
MD
LG