Prezidan Ameriken-an, Barack Obama, kite peyi Afganistan byen bonè jodi lendi-a, aprè yon vizit tou kout otorite-yo pat anonse e kote li bay gouvènman afgan konsèy pou l konbat korupsyon e li pwofite pase yon moman ak twoup militè Ameriken-yo.
Pandan visit sa-a -- ki dure 6 zèd-tan yè Dimanch-la—misye Obama rankontre ak kòlèg Afgan-n-an, Hamid Karzai, e ak manm kabinè ministeryèl-la nan Kaboul. Li fè konpliman pou efò otorite Afganistan-yo ap deplwaye pou yo asure sekurite nan peyi-a; men, an menm t an tou, li ensiste pou l di yo fèt pou lute kont korupsyon e fè plis plas pou fonksyonnman yon eta-de-dwa. Nan baz militè Bragram-nan, Prezidan Obama te pale ak twoup militè ameriken-yo. Li fè konpliman pou wòl yap jwe nan efò pou konbat sa Ii rele teworism mondyal-la.
"Nou pral deranje, demantle, elimine e detwi al-Kaida ak tout alye ekstremis-li-yo," prezidan Obama deklare. "Sa, se misyon-nou. E pou nou akonpli misyon sa-a, objektif nou nan Afganistan, se yon objektif ki klè: Nou pral anpeche al-Kaida jwenn yon abri sur pou l rete isit-la. Nou pral ralanti al-Kaida sou kous-li. Nou pral ranfòse kapasite fòs zame peyi Afganistan-an ak gouvènman afgan-an, pou yo kapab kò̈manse pran responsablite sekurite-a e jwenn konfyans pèp Afgan-an."
Misye Obama kontinye pou l di efò Lèzetazuni ap fè nan sans sa-a, genyen ladan-n yon pati ki trè enpòtan, kote sivil ap patisipe nan travay pou amelyore kondisyon lavi sitwayen Afgan-yo.