Accessibility links

Breaking News

Moskou: 35 Moun Mouri nan Yon Eksplozyon Bonm Suisid



Nan Moskou, otorite Rus-yo fè konnen 2 eksplozyon bonm suisid ki fèt nan sistèm metro vil-la, nan lè de pwent-yo jodi Lendi-a, touye 35 moun pou pi piti e yo blese plizyè douzèn lòt. Dapré majistra Moskou-a, Yuri Luzh-khoff, atakan ki mennen operasyon-suisid sa-yo sete fanm.

Premye eksposyon-an te rive nan yon estasyon ki rele Loubyanka, kote 23 moun mouri nan yon tren e sou platfòm kote pasaje rete tann tren. Estasyon sa-a twouve l tou prè katye-jeneral sèvis ki ranplase KGB-a, swa sèvis sekurite federal rus-la. 2èm. eksplozyon-an fèt anviwon 40 minut après a, nan estasyon Park Koutouri, toujou nan mitan vil Moskou, kote li pan lavi yon douzèn moun. Komisè gouvènman vil-la di se posib pou atakan-yo te kole sou kò-yo eksplozif ki sote-a. Vladimir Markin se pòt-pawòl pakè-a.

"Nou ouvè yon ankèt ki baze sou atik 205 kòd penal rus-la, ki trete de kesyon teworis," misye Markin fè konnen. "Anketè ki mennen envestigasyon sou aktivite kriminèl twouve-yo sou plas 2 ensidan-yo, kote yap eseye detèmine, antwòt, ki tip eksplozif atakan-yo te utilize e ki puisans eksplozif sa-yo."

Lè eksplozyon suisid konsa te fèt nan vil Moskou nan le pase, otorite-yo te lonje dwèt sou rebèl separatis Republik Checheni, nan pati nò rejyon Kokaz-la, ki vle pran endepandans-yo vizavi Moskou.

XS
SM
MD
LG