Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Kuben Abiye An Blan Pran Lari Nan Ti La Havann nan Kad Mach 'Damas De Blanco' a


Dè milye rad blan anvayi "calle 8" ru renome katye Ti La Havann nan pou patisipe nan mach "Damas De Blanco" a setadi medam ak rad blan yo. Nan Kuba, medam rad blan yo se manman ak madanm disidan Kuben yo ki fèmen nan prizon. Pandan mach la ki te gen patisipasyon gasou kou fi - granmoun kou timoun, manifestan yo te chante byen fo "Viva Cuba" savledi Viv Kuba epi "Libertad" savledi libète.

Manifestan yo te pote nan men yo fle, drapo, pannkat ki denonse rejim kominis Kuben an epi foto disidan yo. Foto nou wè pi plis pase tout lot yo se pa Orlando Zapata Tamayo ki mouri apre yon grèv grangou. Otorite yo nan Kuba te lage yon koukou wouj dèyè medam an blan yo e Prezidan Ameriken Barack Obama denonose zak sa epi di sa montre rejim Castro a kontinye fe tout sa'l kapab pou anpeche pep la reyalize rèv li - an palan de libète.

Pi fo manifestan yo te antouzyas pou yo patisipe nan mach sa a e yo di yo kwè sa va bay medam an blan yo nan Kuba kouraj epi petèt menm koze chanjman andedan peyi a.

Nan fen mach la, ki te komanse nan entèseksyon 27èm ru a ak Calle 8 e ki fini nan entèseksyon 22èm ru a, Gloria Estefan te pran la pawol pou remèse tout moun ki te patisipe nan mach la e pou'l di tout gen dwa libète.

Manifestan tout an blan yo te reponn ak bravo e yo te chante ansanm him nasyonal Kuben an.

XS
SM
MD
LG