Accessibility links

Breaking News

La Kwa Wouj: Pi Fò Sinistre Ayisyen yo Resevwa Materyèl Pou Tabli Abri D'urjans


Federasyon Kwa Wouj entènasyonal ak sosyete Kwasan Wouj entènasyonal di apepré 3/4 sou 1.3 milyon moun ki lage san kay ann Ayiti akoz tranblemanntè 12 Janvye pase-a, resevwa kèk materyèl pou yo enstale abri durjans.

Nan yon deklarasyon La Kwa rouj fè parét jodi Mèkredi-a, li fè konnen li gen pwojè pou-l ede apepré 323,000 moun ki lage san kay pou yo rete bò 1 Me kap vini-an.

Depi nan fen mwa Janvye pou rive jodi-a La Kwa Wouj organize plis ke 50 ajans pou distribye tant, tòl bay preske yon milyon Ayisyen.

Pandansetan Minis developman enténasyonal la Grand’Bretay-nan, Mike Foster di gouvenman ni-an ap ede Ayiti rebati sistèm prison ni-an. Anpil prizon an’Ayiti kraze sa ki te lakoz 4,000 prizonye sove lè tranbleman de tè-a.

Gouvenman Ayisyen-an di tranblemanntè-a touye plis ke 220,000 moun e fòse anpil lòt al viv nan kan de fòtun ki pa ka reziste anba inondasyon lè sezon lapli-a kòmanse.

XS
SM
MD
LG