Accessibility links

Breaking News

Obama Pral Fe Kado Lajan Pri Nobel Li Ranpote a


Prezidan Ameriken an, Barack Obama, di li gen plan pou l bay 10 oganizasyon charite 1 milyon 400 mil dola lajan pri Nobčl Lapč li te resevwa a. Prezidan Obama ki tap pale sou kesyon an yč jedi-a, deklare se avčk fyčte lap apiye aktivite kčk o?ganizasyon ki, daprč li, ap fč yon travay ekstrao?dinč Ozetazini ak aletranje, pou yo ede etidyan, ansyen konbatan lagč ak yon kantite lo?t moun ki nan nesesite. Se konsa, msye Obama anonse lap bay o?ganizasyon “Fisher House” $250,000. “Fisher House” se yon o?ganizasyon ki pa la pou fč benefis e kap ede fanmi ansyen konbatan lagč yo nan efň yap fč pou yo ka resevwa trčtman lč yo malad –oubyen swen sante pou blese yo te resevwa nan lagč

Prezidan an anonse tou $200,000 pral jwenn “ Fon Clinton- Bush pou Ayiti a”. Administrasyon Obama a te kreye fon sa a pou ranmase lajan pou efo? sekou a lon tčm kap fčt e ki pral kontinye fčt pou jwenn kňb pou rekonstruksyon Ayiti apre tranbleman 12 Janvye pase a. Rčs lajan Pri Nobčl Lapč misye Obama te ranpňte a, pral separe ant yon seri lo?t ňganizasyon a vokasyon imanitč---pami yo nou jwenn fondasyon kap travay pou ankouraje e apiye edikasyon (tankou ňganizasyon kap travay pou bay etidyan bous), kčk gwoup rejyonal an’Afrik e an’Azi.

XS
SM
MD
LG