Accessibility links

Breaking News

L'ONU Pè Pou SIDA Pa Ravaje Ayiti


Anvan tranbleman de tè a te frape Ayiti nan mitan mwa Janvye pase, Ayiti se te peyi nan karayib-la ki te pi afekte ak virus ki bay maladi Sida-a ak Sida.

Yon etid L’Onusida bay avètisman pou di yon situyasyon ki te déjà terib kapab vin pi grav toujou akoz kondisyon malouk ki genyen nan peyi-a kounye la-a.

Direktè teknik ak apwi pou peyi nan L’Onusida, Tim Martineau, di se premye dezas naturel sevè ki frape yon peyi ki gen gwo to epidemi VIH. Sa poze nouvo defi enpotan.

"Nou estime gen 120,000 moun ki ap viv ak VIH Sida an’Ayiti," Misye Martineau fè konnen. "Nan fen ane pase-a te gen apeprè 19,000 moun ki te resevwa tretman avek yon chanjman enpotan. Yon sousi enpotan sètènman, pou nou mentni tretman pou gwoup populasyon sa-a. Men, nou atann nou tou ke chif sa-a pral ogmante a peprè 32 mil ane sa-a. Donk gen yon nesesite pou non selman mentni sévis yo men tou pou ogmante-yo."

Ajans Nasyonzuni-an note ke se pa relasyon seksyèl ke virus Sida-a transmét plis an’ Ayiti. Dènye estimasyon-yo montre 53 pou san nan moun ki enfekte-yo avek VIH-la se medam-yo.

Tranbleman de tè ki sot pase Ayiti-a fè gwo dega nan 3 domèn kote 60 pousan nan populasyon ki enfekte ak virus ki bay maladi Sida-a ap viv. Gen kèk nan struktu-yo ki detwi oubyen ki domaje seryezman, li ajoute struktu ki te konn bay sèvis ki nesesè pou populasyon sa-a.

Martineau di li enpotan pou retabli rezo ak gwoup sosyete sivil-yo ki te konn abitye bay moun ki soufri ak VIH-yo tretman. Li ajoute kounye la-a gen apepré 40 pousan nan moun ki ap viv avek virus ki bay maladi Sida-a ki pa gen aksé a sèvis enpotan-yo ankò.

"Nou gen kè sote sou gwoup ki deplase-yo," misye fè konnen. "Risk violans-lan e patikilyèman violans seksyel ak violans kont mesdam-yo poze yon gwo pwoblèm ak defi an tèm de risk pou transmisyon VIH. E gen an reyalite preske yon milyon moun ki ap viv nan kan-yo. E avek to prevalans-VIH-la ki wo anpil, risk pou virus-la gaye-a konsiderab."


L’Onusida mande $130 milyon pou pwogram prevansyon ak tretman Sida an’Ayiti anvan tranbleman de tè-a. Martineau di yo pral bezwen 2 fwa kantite-a ane sa-a. Li fé konnen gen 7 priyorite: pami-yo rekonstruksyon sistèm sante-a, proteje moun ki deplase-yo pou yo pa pran virus ki bay maladi Sida-a e rebati rezo lokal ak nasyonal moun ki ap viv ak VIH e ak sida-yo.

XS
SM
MD
LG