Sandrine Rigaud te fèk soti lekol e li te nan yon machinn sou wout Bourdon an lè tranbleman de tè a frape 12 Janvye pase a.
Li di se sanzatann te gen yon blokus sou wout la e li pat menm konnen sak tap pase - li te tande moun kap rele anmwe epi rele Bondye. Gen moun ki te di se genlè la fen du mond.
Chans pa li, li te jwenn yon telefon ki tap mache pou'l te rele manman ni pou fè'l konnen li sen e sof.
Sa'l pat reyalize nan epok la, se ke sè li, Malika, tap kouri a pye pou vinn chache li.
Sandrine sonje kay ki kraze, moun mouri atè - "li te terib," mamzèl deklare. "Mwen wè yon kamyon ki te mare ak yon fil elektrik, mwen pa konn koman sa te rive."
Swa sa a lè Sandrine te retounen lakay li nan Petion Ville, limenm, sè li ak manman ni te domi nan yon machin. Yo te pataje kek res manje ki te genyen nan kay yo epi mosso pen. Men a la verite Sandrine te telman choke ak tout sa'l te viv, li pa grangou ditou. Medam yo te pase 7 jou ap viv konsa.
Apre plizyè tantativ san sikse pou pran otobus pou al Republik Dominikèn, manman Sandrine te deside kondui pou mennen 2 pitit fi li yo sou frontyè a e de la papa yo te vinn chache yo pou mennen yo Ozetazuni.
"Se katastwofik," Sandrine deklare - an palan de dega tranbleman de tè a koze Anayiti. Li di li gen eswpa pou peyi a, ke yap kapab rebati nan ane kap vini yo.