Accessibility links

Breaking News

PAM Ap Dispoze Manje Tou Kuit Plizye Milye Ayisyen


Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ak lòt ajans l’ONU ki la pou bay asistans, ap ranfòse operasyon èd-yo pou pluzyè milyon Ayisyen ki subi move konsekans tranbeman de tè 12 Janvye pase-a. Daprè yon rapò PAM publiye, li fèk lanse yon pwogram pou'l mete manje tou kwit a la dispozisyon pluzyè milye moun, sitou elèv lekòl, nan kapital-la, Pòtoprens, apati de jodi Lendi-a. Pwogram Alimantè Mondyal te déjà ap distribiye rasyon-manje bay plizyè milyon moun nan Potoprens ak rejyion ki ozalantou'l-yo.

Pot-pawol PAM se Emilai Cassela. Manmzèl fè konnen sa gen kèk semèn, ajans l’ONU sa-a te lanse yon pwogram distribusyon duri ki sèvi anpil-anpil moun.

"Kantite total moun ki resevwa rasyon-duri sa-a, pou jan distribusyon-an fèt mwa sa-a, se 2.7 milyon moun. An plus de sa, genyen 500,000 moun ki resevwa asistans pou yo jwenn manje nan zòn alantou kapital-la," li eksplike. "Pami moun sa-yo, gen 300,000 nan Jakmèl, e plus pes 200,000 nan Leyogan ak zòn anviwonnant-yo."

Daprè potpawol Pwogam Alimantè Mondyal-la, ajans-la pal ranfòse pwogram distribusyon duri-a pandan yon semèn ankò, de kwa pou l kapab rive jwenn moun kap viv nan kèk zòn kote anpil mou nap viv o zalantou Pòtoprens, e kote anpil viktim pa gen kay pou yo rete.

"Kounyea-a, sa'n pral gen pou'n fè, se ogmante pwogram-nan pou moun yo resevwa yon panye plen duri, pwa, luil kuizin, luil mayi, eleman ki bay yon maje ki plen pwoteyin; e nou pral sèvi yon afè de 1.5 milyon moun ak pwogram sa-a nan Potoprens a-pati de kòmansman mwa mas-la," Madan Cassela deklare."Nou pral santre atansyon nou sou moun ki pi vulnerab-yo e ki bezwen asistans pou yo jwenn manje.

Kèk lot ajans l’ONU pran desizyon tou pou yo ogmante kantite asistans yap pote bay viktim tranbleman de tè-a ann Ayiti. Nou kapab site, pa egzanp, UNICEF, Pwogram Nasyon Zuni pou Timoun, ki pral ranfòse pwogram li nan domèn pwoteksyon minè, edukasyon, ditribusyon dlo ak sanitasyon.

XS
SM
MD
LG