Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Mete Sou Pye Yon Sistèm Distribisyon Ed Alimantè Pou Ayiti


Pwogram Alimantè Nasyonzini an, PAM, met’ sou pye yon sistèm distribisyon èd alimantè byen chita nan peyi Dayiti, dapre dirijan òganizasyon an, ki presize yo gen 16 pwen nan kapital ayisyèn an kote yap bay manje an pèmanans.

PAM fè konnen, nan premye faz operasyon èd apre tranblemann’tè 12 janvye a, li rive distribye manje bay anviwon 2 milyon moun.

Louis Hamann, pòtpawòl PAM ann Ayiti, fè konnen 16 sit pèmanan yo pral jwe yon wòl enpòtan nan direksyon stabilite distribisyon asistans manje a. Li di PAM pral louvri lòt pwen distribisyon nan semèn k’ ap vini yo. Msye Hamann di Radio Nasyonzuni sistèm sa a ranfòse, e li vize popilasyon ki plis nan nesesite apre dezas la.

XS
SM
MD
LG