Accessibility links

Breaking News

Tiger Woods Mande Padon Pou Aksyon l'  Yo


Pi gwo jwè golf nan lemond la, ameriken Tiger Woods, brize silans li te gade depi prèske 3 mwa apre yon eskandal te pete, kote media te revele enfidelite konjigal li. Jodi vandredi a, Tiger Woods pale an piblik pou premye fwa. Se te devan yon ti gwoup jounalis ak zanmi nan lokal yon club golf nan Ponte Vedra Beach, nan eta Florid.

Vedèt golf la di, “Mwen bezwen repran ekilib mwen, yon fason pou m’ka sove sa ki pi enpòtan pou mwen, kidonk maryaj mwen ak pitit mwen yo. Sa vle di tou, m’ap gen pou m’konte sou lòt moun pou ede m. M’aprann chache konkou kanmarad mwen yo pandan terapi a, e m’espere yon jou ma va pote konkou bay sila yo ki bezwen èd. »

Tiger Woods non sèlman prezante ekskiz pou konpòtman li, men tou li pale te pwojè li genyen pou lavni. Komisè Golf Pwofesyonèl ozetazini an, Tim Finchem, di Tiger te gen pou li retounen nan terapipou rezoud pwoblèm seksyèl, apre li fin pale jodi vandredi a. Poko gen yon dat pou vedèt la retounen nan konpetisyon.

XS
SM
MD
LG