Accessibility links

Breaking News

Washington, Pi Fò Kòt Es Etazuni Antere Anba Nèj


Kapital Etazini an ak yon gran pati arebò kòt Atlantik la koumanse ap voye kout pèl nan yon kantite nèj rekò ki rete apre yon tanpèt nèj ke Sèvis Meteo Nasyonal la dekri kòm istorik. Travayè Lakomin yo kontinye ap debleye lari yo jodi Lendi a – yon travay yo fè pandan tout nuit la -, pandan ekip ijans ap chache retabli elektrisite pou plizyè milye kay ki te nan blakawout.

Tanpèt la te kouvri plizyè eta nan rejyon mitan kot Atlantik la, soti vandredi maten pou rive samdi byen tan nan aswè kote li te lage ant 50 a 100 santimèt nej sou kèk pati nan eta Vijini, Maryland, Vijini Oksidantal, Pennsilvani, New Jersey, ak Delaware, epi isit nan kapital federal Lèzetazini an.

Otorite aviyasyon sivil yo repran kèk vòl avyon, yè Dimanch la nan 2 ayewopò nan rejyon Washington nan, Dulles ak Baltimore. Yon 3èm ayewopò, Reagan National, rete fèmen. Tanpet nèj sa a se dezyèm ki frape rejyon mitan kot Atlantik la nan mwenske 2 mwa. Dapre meteo, yon lòt tanpèt nèj ap rive sou rejyon Washington nan, Madi ak Mekredi, e espesyalis yo prevwa li ka lage jiska anpil nej kèk kote nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG