Moun kap viv nan rejyon sou kòt Atlantik Nò-ès Etazini an koumanse ap wete kantite nèj ki tonbe nan lakou ak devan lakay yo vandredi ak samdi pase a pandan gwo tanpèt ki lage apeprè ant 50 ak 100 santimèt poud blanch lan sou Washington, DC, Eta Virginia, Maryland e ki kite anpil moun san kouran elektri. 2 kretyen-vivan mouri nan move tan an, ke yo rele tou blizard.
Tanpèt la paralize kapital federal ameriken an, kote preske pa genyen trafik otomobil, eksepte kamyon vwari ak anplwaye antrepriz prive ak federal esansyèl yo ki nan lari a. Espesyalis yo di se youn nan pi mote tanpèt nèj nan istwa Washington, DC.
Depi Eta Virgini pou rive nan sid Eta New-Jersey, nèj ak gwo van kap soufle koupe elektrisite, jete pye-bwa ak poto elektrik.
Tout ayewopò nan rejyon sa yo fèmen; sèvis tren ak metwo ap travay oralanti oubyen pa fonksyonnen ditou.
Pwa nèj ki tonbe sou do li, kraze yon "hangar" kote yo konn remize avyon nan ayewopò Dulles, toupre Washington, DC
Pandan 24 trè'dtan, swa ant vandredi opou rive samdi apre midi, nèj la te tonbe san rete. Pou mete abse sou klou, tanperati a degrengole desann pou'l make bonè dimanch 7 fevriye a mwen 2 degre santigrad anba zewo--yon bès ki vinn konplike efò ekip kap eseye netwaye e debleye lari kapital la, Washington, DC