Accessibility links

Breaking News

Lajustis Ayisyen Gen Pou Anonse Desizyon ni Sou Pwose Kont Moun Ki te Pran Timoun Yo


Otorite lajistis yo ann Ayiti gen pou yo deside jodi jedi a si pral fè pwosè kont 10 misyonè ameriken ki anba akizasyon deske yo tap eseye pati kite peyi a ak kèk ti moun ilegalman. 5 nan 10 ameriken yo te konparèt yè mèkredi a devan yon jij nan Pòtoprens, tandiske anvan sanan semèn nan, 5 lòt yo te deja prezante nan tribinal pou yo reponn kesyon otorite lajistis yo.

Lapolis te arete 10 moun sa yo ( 5 gason ak 5 fi) vandredi pase a pandan yo tap eseye travèse fwontyè a pou yo ale nan Repiblik Dominikèn avek 33 ti moun. Ameriken yo di yo te pran ti moun sa yo nan yon òfelina, men kèk nan ti ayisyen sa yo di manman yo ak papa yo ap viv toujou (donk yo pa òfelen vre).

Sekretè deta Ameriken an, Hillary Clinton – ki tap pale ak laprès yè mèkredi a nan Washington - di tantativ ki te fèt pou misyonè yo pati kite Ayiti ak moun sa yo, se yon aksyon regretan. Chèf diplomasi amerikèn nan ajoute lap travay avèk otorite ayisyen yo pou l eseye jwenn yon solisyon pou pwoblèm sa a.

XS
SM
MD
LG