Accessibility links

Breaking News

Gouvenè Eta Florid Demanti li Mande Pou Suspann Vòl Avyon Kap Mennen Reskape Ayisyen yo Ozetazuni



Gouvenè Eta Florid la, Charlie Crist di li pa janm mande sispann vòl avyon kap mennen reskape Ayisyen ki blese vinn resevwa swen nan lopital Eta Florid. Misye Crist deklare, okontrè se ak bra louvri li akeyi viktim yo nan Eta lap dirije a. Gouvènè-a fè deklarasyon sa-a nan yon entèviou li bay chenn televizyon ABC, dimanch maten-an.

"Sa'k pase, nou te gen vòl ki te kontinye rive pandan 19 jou pase yo nan Florid," Misye Crist eksplike. "Nou te gen anviwon 18,000 sitwayen Ameriken avyon te mennen tounen nan eta Florid. 300 pami yo se ofelen. 60 a 80 ofelen rive vandredi swa nan aewopo Entenasyonal Miami. Nan 24 hè ki sot pase-yo selman, yo rapatriye plis pase 700 Ameriken. Florid ede plis pase 526 moun; pami-yo genyen 171 k-ap resevwa tretman toujou nan lopital an Florid. Nou pa anpeche okenn militè deplase. M-se komandan an chef Gad Nasyonal Florid-la, men mwen pa gen okenn pouvwa pou-m bloke okenn vol avyon milite ni nou pa vle sa-a non plis. Konsa, nou akeyi tout Ayisyen ak bra ouvè. Nan Sanford, andeyò vil Orlando, nan Miami, e nan Aewopo Entenasyonal Miami, e nan Baz Homestead nan sid Florid. Nou kanpe ak men-nou tou ouvè ap akeyi Ayisyen-yo isit-la nan eta Soley-la, e m-kwe nou fe sa-a plis pase tout lòtt eta, e se yon plezi pou-n fe sa-a."

Mèkredi Gouvènè Charlie Crist te ekri yon lèt voye bay Sekretè Sante Piblik ak Popilasyon pou fe’l konnen system swen sante Florid-la rive nan yon pwen kote li pa ka pran moun anko, e li pa konnen kilès ki pral peye pou frè moun sa-a.

"Yo mal enteprete lèt sa-a e se byen domaj," Misye Crist di. "Florid ap fè fas ak yon defi finansye isit la. Nan 2 ou 3 jou yo, li te depanse $1.7 milyon ki ---nan yon semèn--- pase nan $7.1 milyon. Pri-a kontinye ap moute, men li pa anyen devan lavi moun ki te ka pedi si'n pa't fe-l. Si zanmi federal-yo te ka ede-nou. Yo fe konnen yo ka ede.

Sa ankouraje-nou, men nou pwal kontinye resevwa Ayisyen ak Ameriken ke avyon militè ap mennen tounen-yo, e moun nan Florid se moun ki gen konpasyon."

XS
SM
MD
LG