Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Sant Medikal Ameriken Tanporè Pou Trete Viktim Tranbleman'ntè a


Lame Amerikèn nan ap travay ak gouvènman ayisyen an pou li bati yon sant medikal tanporè pou viktim tranblemann’tè a ki an konvalesans kounye a.

Kòmandan Kòmandman Sid Lèzetazini an, jeneral Douglas Fraser, di enstalasyon medikal la pral genyen juska 5 mil 000 kabann---e sa pral amelyore anpil kalite swen medikal twoup yo ap delivre.

Jeneral la di bato lopital, The USNS Comfort, koumanse depase kapasite li, puiske anpil nan blese yo bezwen plis swen ke yo te prevwa. Jeneral Fraser endike, nan anpil ka, efò pou nouri viktim yo pa ase. Li di malgre sitiasyon an, an jeneral amelyore, sòlda yo kontinye jwenn kote, menm 2 semèn apre tranblemann’tè a, asistans la poko rive jwenn sinistre yo.

Nan fowòm ekonomik Davos la, nan peyi Lasuis, ansyen prezidan Bill Clinton, lanse apèl pou plis asistans anfavè Ayiti. Misye Clinton, anvwaye espesyal Nasyonzini nan peyi Dayiti, deklare ayisyen yo toujou genyen difikilte pou yo jwenn dlo ak manje. Clinton di Ayiti bezwen plis sant distribisyon ak plis kamyon.

Ansyen prezidan Etazini an egzòte donatè entènasyonal kap patisipe nan fowòm nan al envesti ann’ Ayiti nan lavni. Li deklare kriz sa a se yon “opòtinite pou yo re-imajine lavni pou pèp ayisyen an.”

Nasyonzini fè konnen Ayiti resevwa asistans ak angajman pou asistans li estime ki rive apeprè 1 milya 200 milyon dola, plis 830 milyon dola adisyonèl yo pwomèt nasyon karibeyen an.

Malgre gwo efò ki sou pye, Komite Entènasyonal Lakwawouj di plizyè santèn milye ayisyen toujou pa gen kay pou yo rete, yo bezwen manje, swen sante ak bon kondisyon sanitè.

Livrezon èd imanitè a ap fè fas ak pwoblèm move wout, mank otobus ak blokus sou wout ak nan ayewopò a.

Jeneral Fraser di depi mèkredi 27 janvye, sòlda yo sispann itilize wàf kapital la pou debake materyèl sekou akòz dega tranbleman’n tè yo fè nan enstalasyon yo. Selon militè a, reparasyon li ka pran omwens 10 semèn. Jeneral Fraser fè konnen, sòlda yo te resi debake 200 konntenè ki te sou bato ki jete lank nan rad la. Li ajoute Lame a ta dwe kapab ogmante kantite konntenè ya’p debake a 800 pa jou disi mitan mwa fevriye a.

XS
SM
MD
LG