Accessibility links

Breaking News

Palmantè ameriken yo An Favè Yon Lwa Sou Adopsyon Ti Ofelen Ayisyen Yo.



Senatè demokrat eta Lalouizyann nan, Mary Landrieu nan tèt yon gwoup 40 palmanè ameriten (repibliken ak demokrat) kap travay sou yon lwa ki pral fasilite fomalite fanmi amerikèn dwe ranpli pou adopte ti òfelin ayisyen. Sepandan kek oganizayon umanitè mande pou mete bout nan adopsyon ti ayisyen yo nan moman peyi ap viv yon sitiasyon malouk. Gen kek timoun yo pran pou ofelen, aloske se separe yo separe de fanmi yo.

Senatè Landrieu di repòtè yo nan yon konferans pou laprès avan sitiyasyon sa a, Nasyon Zini te fè eta de 380,000 ofelen nan peyi Dayiti. Palmantè-a di chif sa a kapab menm triple kounye-a. E gen 900 dosye adopsyon ki preske finalize avan tranbleman detè a. Nou bezwen yon sistèm ki pi efikas kounye a.

Palmantè a di : « Menm jan gouvènman nou an ap eseye travay avèk gouvènman ayisyen an pou rekonstwi kay ki pi bon e pi solid, pi bon enfrastrikti, nou vle travay pou yon pi bon politik pou swen sante ti moun yo, yon pibon politik adopsyon ke sa ki te la avan tranbleman detè a. »

Senatè Repibliken eta Missouri a, Christopher Bond, bò kote pa’l fè konnen ti ofelin ayisyen yo pa ka tann rekosntriksyon biwo leta yo ak nouvo anplwaye pou fè suyivi sou dosye yo.

Senatè Bond di : « Li klè ke efò pou rekonstwi Ayiti, ede zanmi ayisyen nou yo remete peyi a sou de peye l’ pral pran plizyè lane. Men ti viktim ki pi vilnerab trajedi sa a ki frape Ayiti a se ofelen ayisyen yo, e yo pa ka tann pou èd vinn jwenn yo. »

Landrieu, Bond ak plizyè lòt senatè supòte pwojè lwa Fanmi pou Ofelen yo, e y’ ap’ travay sou li san pran souf pou yo depoze devan sena a san pèdi tan. Pwojè lwa prevwa yon biwo separe nan depatman deta-a ki pral trete kesyon adopsyon yo, menm jan ak biwo k’ ap trete kesyon trafik umen.

Senatè Landrieu ak lot palmantè yo dakò pou ke premye priyorite ya se reyini ti moun yo ak fanmi yo ann Ayiti, e pwoteje yo kont trafik umen. Sepandan Landrieu pa dakò pou ta suspan adopsyon yo menm jan kèk òganizasyon tankou “Save The Chidren” ak “World Vision” mande l.

Palmantè a di: « Nou bezwen akselere pwosesis pou adopte e pwoteje ti moun yo, menm si se pou yon ti bout tan, avek mezi ekstraòdinè nou dwe pran. Se moman pou nou kanpe pou n’ di « mwen vle adopte ». Se moman pou eseye sove lavi ti moun yo. »

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute deklarasyon palmantè ameriken yo

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG