Accessibility links

Breaking News

Bilan Pwovizwa Tranblemann tè Ayiti a Rive Nan 150 Mil Mò


Yon minis nan gouvènman ayisyen an fe konnen li konfime ke bilan moun ki mouri nan kokenn tranblemann tè ki te devaste kapital la, sa gen preske 2 semèn, rive nan 150-mil.

Minis kominikasyon, Marie-Laurence Jocelyn Lassègue, di ajans nouvel Associated Press jodi a ke chif sa a baze sou rapò yon konpayi leta k’ ap ranmase kadav e antere yo nan gwo twou yo fouye o nò Potoprens.

Kantite sa a pa gen ladan l’ zòn ki pa nan Pòtoprens, tankou vil Jakmel, kote moun kwè gen anpil kadav ki antere anba debri.

L’ONU te fè konnen yè samdi a, gouvènman ayisyen an

konfime plis pase 111-mil mò. Otorite yo estime ke bilan final la ka rive nan 200-mil.

Gouvènman an te deklare ofisyèlman, vandredi ki sot’ pase a, ke efò pou chache e sove moun yo, li fini, men ekip sekouris entenasyonal yo te rale soti yon nèg ki te anba debri yon makèt, ye samdi a, nan Pòtoprens.

Sekouris entènasyonal yo ann Ayiti ap chache akselere efò sekou yo, apre kritik ki fè konnen manje, dlo ak medikaman pa ko rive jwenn moun ki rete vivan yo.

Jodi dimanch la, sòlda ameriken ak brezilyen te distribye manje ak dlo bay plizyè dizèn milye moun ki rete nan Site Solèy, yon bidonvil kapital la ki chaje ak gang.

Rajiv Shah, direktè Ajans Etazini pou Devlòpman Entènasyonal (USAID) di ajans nouvèl Reuters ke dezas la “pa gen parèy” e ke oganizasyon an “pap’ janm’ reponn bezwen yo vit jan nou ta vle.”

XS
SM
MD
LG