Fon Nasyon Zini pou ti moun yo, UNICEF, bay avètisman pou di ti moun ki ap viv nan peyi d’Ayiti ke tranbleman de tè finn ravaje riske pou gran moun san skripil fè trafik avèk yo. UNICEF di li mete sou pye kèk sant kote ti moun yo-- patikilyèman ti moun ki pa akonpaye-- ka ale e yo ap san danje.
Fon Nasyon Zini pou ti moun yo di mènm anvan katastròf la, ti moun an’Ayiti yo te riske pou yo te fè trafik avèk yo. Li ajoute gen prèv ki montre gen anpil ti moun ke yo te fè kite peyi-a ilegalman. Konseye rejyonal UNICEF pou pwoteksyon ti moun, Jean Claude Legrand, di gen nouvèl ki fè konnen gen kèk pratik menm jan an kap fèt kounye la a.
Mesye Legrand di: “Nou gen dosye apeprè 15 ka ti moun ki disparét nan lopital e pa avèk pwòp fanmiy yo lè sa a. Nou gen prèv ki montre moun ki travèse Sendomeng avek ti moun. E nan ayewopò a tou, yo obsève avyon ki pati chaje ak ti moun”.
Msye Legran di UNICEF ak patnè li yo etabli yon systèm siveyans pou enskri disparisyon sa yo e pi enpotan ankò eseye anpeche bagay yo rive .
Unicef di proteksyon ti moun chita nan kè operasyon umanitè li an’Ayiti. Li rapote li mete sou pye plis ke 20 sant kote ti moun ki pèdi oubyen ki separe avek manb fanmiy yo ka ale e yap resevwa swen.
Konseyè a fè konnen li pral pran tan pou detèmine si ti moun ki nan lari pou kont yo a se òfelen oubyen si yo gen fanmiy ki vle pran swen yo. Jeneralman, UNICEF kont adopsyon entra-kontinantal, men li di yo ta dwe sèlman sèvi ak jan d’adopsyon sa yo kom dènye resous.