Accessibility links

Breaking News

Bato Lopital Ameriken Comfort Gen Plizye Ayisyen Abo li


Bato-lopital Ameriken Comfort la marinn amerikèn ki nan wout pou Ayiti te deja konn trete malad nan rejyon-an. Gen plizyè pami manb Pèsonel ki abò Comfort-la ki gen koneksyon pèsonel avek Ayiti, e k-ap prepare kolèg-yo pou travay k-ap tann-yo.

Youn nan moun ki abò Comfort-la se neurolog Ayisyen Mill Etienne. Li te grandi nan Nouyok e paran li pale kreyol lakay yo. Kounye a li nan wout pou Potoprens kote li te pran nesans, yon vil ki devaste anba tranbleman de tè-a. Pou li, misyon sa-a vrèman pèsonel. Gen plis pase 550 profesyonel medikal nan bato lopital 'Comfort' la.

"D̀ènye fwa mwen te pale ak manmanm, sete avan mwen te pati a," Dokte Etienne eksplike. "Li te kontan anpil ke mwen pral lot-bò-a, li tap kriye nan telefon-nan.

Li di youn nan niès li yo te disparét pou yon jou e yo jwenn yon kouzen-ni anvi apré 2 jou li te pase antere anba debri. Dekouvèt sa-a te pote gwo kontantman e gen yon pakèt lot enkyetud pou moun yo pako jwen-yo.

Yves Henry, teknisyen chirurji nan lopital-la pataje kè-sote sa-a. Li te elve tou pré Potoprens kote granmè-li toujou rete jounen jodia.

"Manman‘m finalman te jwenn kontak avek granmè mwen e yo di li li byen, donk nou byen kontan. Non, pou rès fanmiy-mwen, nou pako tande-yo, donk nap priye e nou gen espwa yo tout byen," Misye Henry di. "Li jwenn nouvel sou granmè-li pandan li abò Comfort-la. Li di panse-li avek anpil moun an’Ayiti ki pa ka jwen fanmiy-yo kounye-a ak sa li ka fè pou ede-yo."

Henry di li fyèr pou-l nan la Marinn Lezetazuni e li fè konpliman pou repons rapid la marinn pou ede pèp ayisyen –an.

"Nempot, kelkeswa travay ki nesesè yo vle-m fè-a, kit se tradwi oubyen travay kom yon teknisyen chiruji, map fè-l. Mwen la-a pou-m fè kelkeswa sak nesesè-a pou ede," misye deklare.

Entèpret-yo pral monte abò bato-a, depi yo rive an’Ayiti. Direktè enfimyè comfort-la Komandan Mark Marino di ekip medikal-la ke entèprèt-yo pral disponib 24 sou 24 chak jou.

"Mènm lè sa, gen 100 traduktè pami petèt 800, 900 e menm 1000 malad, kidonk lè pou-n fè rotasyon nan orè-yo, se pral yon gwo defi. Nou selman dwe pare pou-n fè fas ak sa-a tou. Ou ka pa ka travay jiskaske ou jwenn yon entèprèt," Misye Marino eksplike.

Dokte Etienne di gen apeprè 15 ayisyen-ameriken abò Comfort-la. Yo reyuni le maten pou yo diskite sou fason yo pral anseye ekip-la sou kultu ak istwa peyi Dayiti.

"Lè nou ap bay swen medikal, youn nan bagay ki pi enpotan se pou nou gen komunikasyon ak konpreyensyon ki nesesè. E se sa nap eseye fè kounye-a," dokte a di. "Chak jou, yo ekri yon fraz an kreyol sou orè travay nan bato-a, konsa ekip-la ka prezante tèt-yo e komunike ak malad yo vinn ede-yo."

XS
SM
MD
LG