Accessibility links

Breaking News

Yon Bato Lopital Ameriken Sou Wout Pou al Ayiti


Yon bato-lopital ameriken, USNS COMFORT, déjà sou wout pou kòt peyi-a, nan kad yon misyon ki rele "Operation Unified Response" - savledi: Operasyon Repons Unifye - ke Lèzetazuni mete sou pye.

Lyetnan-kòmandan Dan D'Aurora, responsab direksyon ki la pou kontwole dezas, dega ak viktim, sou bato USNS Comfort-la deklare "Pou sa k konsène kapasite bato-a, kantite kabann pou blese ou malad, li genyen 50 kabann. 12 sal d'operasyon, 20 kabann pou malad reprann-yo aprè operasyon, 80 kabann pou swen entansif, 400 sal pou swaye malad ki bezwen swen imedyatman e 500 sal pou swaye moun ki pa grav."

Ofisye Joe Krans, te déjà patisie nan misyon bato-lopital la te reyalize ann Ayiti nan le pase; men se premye fwa lap fè pati yon misyon kap reponn aprè yon dezas.

"Misyon sa-a totalman diferan paske," ofisye Krans di, "tankou w konnen, nan lòt misyon yo mwen te kapab deplase nan peyi Dayiti nan kèk kote ki pat danjre; nou te ka konstate anpil mizè, e sete tris. Men kounyela a, se byen malere ke nou prale pran sant lanmò."

Samdi pase-a, anvan bato USNS Comfort te kite pò-datach li, nan vil Baltimore, tou prè Washington, kòmandan Lamarin de Gè Lèzetazuni, Doktè Adam Robinson, te genyen mesaj sa-a pou plizyè santèn manm ekipaj-la, fanm kou gason, ki te rasanble pou koute l.

"Mswen te ranpli yon misyon umanitè ann Ayiti," Doktè Robinson di. "Mwen te genyen pwofesyonèl medikal avèk mwen laba a. Mwen te wè ki kalte presyon, stress, ki peze sou moun kap patisipe nan misyon umanitè ann AYiti. Tou sa, sete san yon tranbleman detè. Ebyen, nou pral genyen pou n fè fas ak tou sa, plis yon trableman detè."

Doktè Robinson fè konnen li atann ni aske pèsonèl ak materyèl medikal Lèzetazini ap voye ann Ayiti la a, pral rete nan peyi a pandan omwen 6 mwa, e menm pi lontan pase sa toujou.

XS
SM
MD
LG