Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon rive ann Ayiti kote li ale eksprime apui li pou viktim gwo tranbleman de tè ki te frape peyi sa a madi pase a. Msye Ban di li ale ann Ayiti avek kè li lou anpil.
Chèf Nasyonzini an te pale ak jounalis ki te abò vòl li a ki te soti New York. Avyon an te pote plizyè gwo konseye, anplwaye Nasyonzini ak pwovizyon sekou. Msye Ban di Nasyonzini gen 3 priyorite kounye a ann Ayiti.
“Premyèman, se sove la vi. Otan de vi ke posib. Nou preske pa rète tan devan nou ankò. Se dejà katriyèm jou, men gen espwa ke nou kapab e nou ka petèt sove pi plis vi toujou.
Oganizasyon an espere bay tou, prese prese, asistans imanitè ke yo bezwen tankou tant, dlo, ekipman medikal, ak lot sèvis. Msye Ban di distribisyon manje ap amelyore e L’ONU bezwen nouri kounye a omwen 40 mil moun pa jou.
Lòt priyorite Nasyonzini se kowòdone pakèt asistans entènasyonal k’ap vide sou Ayiti la a. Sekretè-Jeneral la di, “Nou pa dwe gaspiye menm yon sèl grenn bagay, nou pa dwe gaspiye pa menm yon dola.”
Lakwa Wouj ak Nasyonzini estime gen plis ke 40 mil moun ki mouri akòz tranbleman de tè a. Pami yo 40 gadyen lapè ak anplwaye sivil. Sepandan, sous nan gouvènman ayisyen an mete bilan an nan omwen 100 mil mò.
Msye Ban kofime ke Chèf Misyon L’ONU an ann Ayiti, Heidi Annabi, mouri. Msye Annabi ki gen preske 30 an depi l’ap travay nan L’ONU. Pami lòt viktim soukous 12 janvye a, genyen tou Sou-Direktè Luis Carlos da Costa.