Accessibility links

Breaking News

Aristide Vle Tounen Ayiti Pou Ede Rebati Peyi a


Ansyen prezidan Ayisyen, Jean-Bertrand Aristide, di li ak fanmi li ta renmen retounen nan peyi li pou ede rebati Ayiti apre kokenn tranblemann'tè ki devaste kapital ayisyen an, Pòtoprens ak plizyè rejyon alantou li, san bliye vil Jacmel. Misye Aristide di li pre pou’l kite Afrik Di Sid depi’l jwenn otorizasyon fè sa.

"Pou sa ki konsène’m, nou pare pou’n rantre jodi a, demen… nenpòt kilè, pou'n al pote-kole ak pèp Ayisyen an, pou pataje soufrans li, ede rebati peyi a... retire’l nan mizè pou l’ pase nan povrete nan diyite," Aristide deklare.

Aristide ap viv ann'egzil nan peyi Afrik Di Sid depi li te pèdi pouvwa a nan yon rebelyon ki te fè san koule nan mwa fevriye 2004. Li te kite peyi a an katastwòf abò yon avyon Lèzetazini te mete aladispozisyon li, e apre li te deklare se “kidnape yo te kidnape-li"-- akizasyon Lèzetazini demanti.

Aristide pa bay okenn presizyon pou di ki lè ni ki jou li ka rantre Ayiti, men li di zanmi li yo ofri’l mwayen pou’l retounen.

"Zanmi atravè lemond konfime volonte yo pou mete yon avyon aladispozisyon mwen pou transpòte nou avèk ekipman medikal e ak materyel sekou," Aristide deklare.

Aristide ki tap pale ak laprès nan ayewopò yon otèl tou pre prensipal ayewopò Afrik Di Sid la, di "nan moman sa a la a, li ta dwe nan peyi li ap ede konpatriyòt ayisyen li yo.

"Anpil moun toujou antere anba tòn debri kay kraze, ya’p tann sekou vinn jwenn yo," ansyen prezidan an fè remake. "Lè nou panse soufrans moun sa yo ap andire nou santi nan fon kè nou ke nou ta dwe laba a, ann Ayiti, avèk yo, e eseye fè tout sa’n kapab pou’n sove lavi yo."

Aristide, yon ansyen pè katolik ki antre nan politik, se premye prezidan ki te eli demokratikman nan yon eleksyon an 1990; men 3 mwa apre, lame te jete li nan yon koudeta ki te fòse’l pran chimen egzil Ozetazini.

Yon entèvansyon militè Lèzetazini te retounen li sou pouvwa a an 1994, men konstitisyon ayisyen an te anpeche li chèche yon dezyèm manda youn apre lòt. Nan ane l’an 2000, li te ale nan eleksyon e ranpòte yon nouvo manda, sepandan apre selebrasyon 200 zan anivèsè endepandans Ayiti, an janvye 2004, pwotestasyon kont fason li tap dirije te gaye nan peyi a.

Akizasyon kont jesyon li te fè mikala’w--pami yo: li twonpe konfyans pòv yo, li fèmen je sou koripsyon ak travik dwòg e ankouraje atak vyolan kont opozan l' yo.

Pandan li ann’ ekzil nan Afrik Di Sid, Aristide ale lekòl gras ak yon bous li te jwenn. Li aprann lang Zulu e fè yon doktora nan Lang Afrikèn nan Inivèsite Afrik Di Sid.

XS
SM
MD
LG