Accessibility links

Breaking News

Prezidan Franse a Mande pou Oganize Yon Konferans Entènasyonal pou Rekonstruksyon Ayiti


Lafrans fè konnen lap suspann depòte imigran ayisyen kap viv ilegalman sou tèritwa-li, e li pran dezisyon pou l ouvè fwontyè-li tanporèman pou viktim tranbleman de tè-a ki bezwen asistans, tankou swen medikal. Lafrans genyen yon afè de 80 mil sitwayen ayisyen ka-p viv ladann.

Yè jedi-a, prezidan Nicolas Sarkozy pale pou l di li lanse apèl pou l mande yon konferans entènasyonal pou rekonstruksyon Ayiti. Daprè lidè fransè-a, lemond fèt poul asure-l ke peyi Dayiti jwenn garanti "ke lap sòti anba pichon, anba madichon ki makònen ak desten-n depi si lontan."

Ayisyen kap viv an Frans – tankou sila yo ki rezide lot kote nan dyaspora a ap tann nouvèl sou sitiyasyon fanmi-yo ak zanmi-yo ann Ayiti, nan moman komunikasyon telefonik pa mache akoz pa gen kouran e 2 sou 3 konpayi telefòn mobil-yo pap fonksyone.

Gouvènman fransè-a voye plizyè avyon kap pote ekipman, materyèl dujans ak pèsonèl medikal nan Potoprens. Nan vil Saint Denis, ki pa lwen ak kapital-la, Paris, majistra komunal-la, Didier Paillard fè konnen mèri-a pral ofri $6,000 asistans pou kore aktivite komunote Ayisyèn-nan mete sou pye pou ede fanmi viktim-yo. Misye Paillard ajoute biwo-li-a pèsonèlman pral mete maraton sou pye pou ede Ayiti nan sikonstans-la.

XS
SM
MD
LG