Accessibility links

Breaking News

Etazini Ofri Ayiti Asistans Total li Apre Soukous 12 Janvye a


Prezidan ameriken an, Barack Obama, mande klolaboratè l’ yo prepare pou sizoka yon èd imanitè ta nesesè pou Ayiti. Chel leta A ki pat pèdi tan pou li te reyaji apre tranbleman de tè a frape Ayiti, deklare : «Panse m’ ak priyè m’ al jwen sila yo ke tranbleman de tè a afekte. Nap suiv de prè sitiyasyon an e nou pare pou asiste pèp ayisyen an.»

Depatman Deta ak Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal (USAID) ak Kòmandman Sid Lame amerikèn kòmanse travay pou kowòdone evalyasyon sitiasyon an ak yon posib asistans.

Sekretè-deta ameriken an, Hillary Clinton, ki t'ap pale depi Honolulu, Hawaii, reyaji sou trajedi ki frape Ayiti madi 12 janvye 2010 la. Madan Clinton di, Etazini ofri Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an asistans total li. Sekretè deta anonse ke Washington pral voye alafwa asistans sekou sivil e militè, ak asistans imanitè pou Ayisyen yo. Hillary Clinton ajoute, "n'ap lapriyè pou sila yo ki viktim, pou fanmi yo, ak lòt pwòch yo."

Bò kote pa li, Anvwaye Spesyal Sekretè-Jeneral L’ONU an ann Ayiti, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, fè soti yon deklarasyon apre tranblemann’ tè a, pou li di “panse mwen ak priyè mwen al’ jwenn pèp ayisyen an” nan moman sa a. Msye Clinton di biwo li nan Nasyonzini ak rès sistèm Nasyonzini an ap suiv jan sitiyasyon an ap evolye, e yo pran angajman pou yo fè tout sa yo kapab pou ede Ayiti nan efò sekou yo, pou ede peyi a rekonstwi e rekanpe sou 2 pye l.

Nou envite w' koute yon pwogram spesyal sou tranbleman de tè ki sekwe Ayiti a sou ond kout 619 kilosik ak 0148 kilosik soti 9:00PM rive 10:30PM

XS
SM
MD
LG