Tranbleman de tè 7 pwen (sou echèl Richtè a) ki frape Pòtoprens nan apremidi 12 janvye a koze dega dapre deklarasyon sekretè prezidans la, Fritz Lonchamps. Palè Nasyonal ak plizyè building administrasyon piblik sibi anpil dega. Wout yo koupe.
Nway pousyè kouvri kapital la ki pa gen kouran. Chèn televizyon pa kab CNN fè konnen Kòmandman Sid Lame Amerikèn nan ap tann demand gouvènman ayisyen an pou l entèvni. Dapre ekspè yo, sekous la te santre nan Petion-Vil, sou yon distans anviwon 10 kilomèt ak sant kapital la. Yon chòk segondè 5,9 kapab pwovoke lòt gwo dega.
Kominikasyon ki koupe ak pifò peyi a rann ni difisil pou media jwenn e konfime enfòmasyon. Yon responsab Radyo Ginen, youn nan afilye VOA yo ann Ayiti, di lokal estasyon an efondre.
Nan pwovens, soukous la fè dega tou. Pa egzanp nan Jakmèl, korespondan nou Eveline Adonis, ki te pale ak nou pandan soukous la t'ap frape vil la, di nou li konstate anpil dega materyèl, e li wè moun ki blese, ak pye koupe, ke yo t'ap kouri mennen lopital. Gen sous ki di plizyè moun mouri nan Jakmèl, men li pat' posib pou nou verifye enfòmasyon sa a.
Sitiyasyon an ap evolye.