Accessibility links

Breaking News

Eske Pral Gen Yon Kowalisyon Nan Florid Pou Defann Imigran yo?


Lidè kominote Ayisyen-Ameriken yo nan Sant ak Sid eta Florid fè santi yo anfavè fòmasyon yon mouvman kowalisyon laj nan eta a, pou defann dwa imigran yo, pa dwa Ayisyen sèlman. Lide sa a jèmen nan moman responsab kanpay pou Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) fin fè bilan efò yo pou ane 2009 la e y'ap travay sou yon nouvo estrateji, yon nouvo plan-batay, pou ane 2010 la.

Nan ti koze korespondan nou nan Orlando Yves Mompremier te fè ak 2 pami lidè sa yo, opinyon ke yo pataje sè ke lit la mande konkou lòt gwoup etnik ki nan Florid yo, menmsi objektif yo pa menm ak objektif Ayisyen yo ki sitou branche sou dosye TPS la.

Semèn sa a, ta dwe gen yon reyinyon ant reprezantan divès gwoup, yon fason pou yo ka prepare yon plan daksyon.

Si ou ta renmen koute repòtaj Yves Mompremier a, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web sa a.

cdorcil@voanews.com

XS
SM
MD
LG