Accessibility links

Breaking News

LONU Pwononse l' Sou Eleksyon Ki Gen Pou Fèt Ann Ayiti


Reprezantan sekretè jeneral LONU an nan Pòtoprens, Heidi Annabi, renouvle angajman Nasyon Zini pran pou l’ ede leta aysien byen òganize eleksyon lejislatif e prezidansyèl 2010 yo. Mesye Anabi di eleksyon sa yo dwe otèt, kredib e demokratik.

Chèf sivil MINUSTAH a (Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini ann Ayiti) ki t’ ap’ prezante bilan ane 2009 la ak pespektiv 2010 yo deklare : « Eleksyon lejislatif ak prezidansèl yo pral prezante yon gwo defi pou demokrasi a ann Ayiti. »
Reprezantan Ban Ki-Moon nan raple wòl Konsèy Elektoral Powvizwa a--KEP a-- li di ki dwe fè yon travay onèt e transparan. Sepandan, Hedi Annabi mande tout aktè yo jwe patisyon pa yo pou reyisit eleksyon yo.

MINUSTAH pral kontinye kolabore ak lapolis pou kesyon sekirite eleksyon yo tandiske bayèdefon yo ak Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman, PNUD, pral kontinye bay KEP a asistans finansyè e teknik.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute repòtaj Rotchild Francois Jr. la

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG