Accessibility links

Breaking News

Pwogram Lib Tribin VOA Sou Kriz Kadyak ak Aksidan Serebro-Vaskilè


Kriz kadyak ak strok (aksidan serebro vaskulè) gen menm kòz dapre spesyalis yo. San ki pa rive nan kè a bay atak kadyak. San ki pa rive nan sèvo a bay stroke. Pou doktè Jean-Jumeau Batsch, direktè medikal lopital Byenfezans nan Piyon (Nò peyi Dayiti), move san, strès( enkyetid, presyon ak kè sote) se kèk pami gwo faktè ki lakoz 2 fenomèn mòtel sa yo.

Nan Pwogram Lib Tribin 6 janvye a, Doktè Virjinie Louis nan lopital Byenfezans Piyon (Nò peyi Dayiti) ak Doktè Robert Chery, yon entènis nan New-York bay oditè ak entènot ayisyen yo anpil konsèy pou evite kriz kadyak ak strok.

Klike sou ralonj ki anlè e adwat paj web la pou koute Pwogram Lib Tribin VOA a sou kriz kadyak ak aksidan serebro-vaskilè.

XS
SM
MD
LG