Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama di: "Mwen pap tolere Fay ankò nan Sistèm Sekirite Lèzetazini"


Yon otorite ameriken wo-plase fè konnen ajans ki responsab sèvis sekrè o Zetazini resevwa mesaj la, mesaj la byen pase pou yo, aprè prezidan Barack Obama te di yo "lè 4 verite" nan yon rankont li fè avèk yo yè madi a, pou yo te abòde dosye sekirite peyi a aprè ensidan kote yon militan rezo teworis Al-Kaida te manke sote yon avyon ameriken nan dat 25 desanm pase a. Aprè rankont sa a, direktè Sèvis Ransèyman Nasyonal la, Dennis Blair, pwomèt ajans kap travay sou sèvis sekrè yo pral pran devan pou yo dejwe taktik teworis e yap fè tout sa yo kapab pou yo anpeche atak teworis. Anvan sa, aprè rankont yè madi a, prezidan Obama te fè konnen ajans ransèyman yo te genyen enfòmasyon sou yon posib atak teworis ki te vize Lèzetazini; sepandan li di pèsonn pat rasanble tout eleman enfòmasyon yo pou responsab yo te pase a laksyon.

"Gouvènman ameriken an te genyen enfòmasyon ki te sifi pou l te dekouvri konplo a epi dezamòse atak jou Nowèl la. Men sèvis ransèyman yo pat rive wè klè nan sitiyasyon an."

Prezidan Obama kontinye pou l di sèvis sekrè yo pral genyen pou yo fè travay la pi byen kounyela a, paske se lavi sitwayen ameriken yo ki an je.

« Mwen rekonèt ke travay sèvis sekrè, de pa nati-li menm, se pa yon travay ki pafè. Men li parèt de plizanpli klè ke responsab yo pat analize ni evalye enfòmasyon sekrè yo totalman. Se pa yon bagay ki akseptab e mwen pap tolere sa. »

Anvan Misye Obama te pale konsa, laprès te poze pòtpawol Mezon Blanch la, Robert Gibbs, kesyon pou mande l eske prezidan an toujou genyen konfyans nan responsab ajans ki travay sou sèvis sekrè yo –tankou Janet Napolitano, minis Sekirite Teritoryal la, Leon Panetta, direktè CIA a, ak Dennis Blair, direktè Konsèy Ransèyman Nasyonal la. Repons misye Gibbs :

«Wi, prezidan an fè yo konfyans toujou… e ajans sa yo pral kontinye patisipe nan yon pwosesis révisyon pou yo chache konnen kisa k pase egzatteman. »

Nan rankont yè madi a, Prezidan Obama pran angajman pou l ranpòte laviktwa sou rezo terowis Al-Kaida, demantle li epi detrui li. Li fini pa di –nap site ankò: « Menm jan teworis yo jwenn mwayen modifye taktik datak yo pou yo adapte yo ak chanjman kondisyon yo, se konsa tou Lèzetazini pral chanje apwòch li yo. »

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG