Accessibility links

Breaking News

La Frans ap Chache yon Nouvo Antrenè


Foutbòl / Frans

Prezidan Federasyon Foutbòl franse a Jean-Pierre Escalettes fè yon toune nan stasyon Radio pou bay lis antrenè ki kap kapab pran tèt seleksyon-an. Kèk ladan-yo : Didier Deschamps, Jean Tigana, Laurent Blanc , Alain Boghossian . Li site non Guy Roux ak Arsene Wenger tou. Mesye Escalettes bay tout non sa-yo alòs ke kontra aktuèl antrenè-a , Raymond Domech ap fini 22 juin 2010 ---lè sa nap ann 2 zièm tou Mondyal 2010-la ann Afrik du Sud.

Foutbòl/ KONKAKAF

Nan KONKAKAF la Kanada ap rankontre Kosta Rika 20 Janvye kap vini la a epi Gwatemala kont Kuba nan faz final eliminatwa koup du mond feminen kategori U-20. Nan group B a Trinidad and Tobago pral mate balon fas a Meksik epi Etazini kont Jamayik. Venkè chak group yo ap rankontre 2 zièm nan lòt group la. 2 venkè yo ap rankontre an final epi peyi ki klase 3 zièm nan ap reprezante KONKAKAF la nan koup du mond footbòl feminen an an Almay soti 13 Juyè pou fini 1 Out 2010.

Responsab yo nan KONKAKAF la fè konnen yo pral travay ak federasyon yo pou idantifye epi enstale responsab pwogram devlopman abit yo. Pandan yon jounen, nan New York, responsab yo te revize pwogram asistan abit FIFA a apre 18 mwa aktivite ak plan pou kontinye seminè nan tout rejyon KONKAKAF la.

Foutbòl/ Etazini

Aktualite-a nan foutbòl zèpòl kare Isit Ozetazuni : Washington Redskins anplwaye yon nouvo antrenè ki se Mike Shanahan. Sa fè 7e antrenè ekip-la depi Daniel Snyder achte ekip-la an 1999. Nouvèl-yo fè konnen Shanahan ap resevwa e $7 million chak ane pou yon kontra 5 kan . Anbochaj sa-a fèt an mwens ke 48 tè depi yo revoke Jim Zorn . Shanahan te ranpòte 2 Super Bowls pandan 14 sezon ak Denver Broncos. Li te jwen revokasyonn apre Denver te rate faz-final-yo 3 sezon youn dèyè lòt .

Foutbòl/ DC United

Nan foutbòl , DC United genyen tou yon nouvo antrenè: Curt Onalfo , yon ansyen jwè ki te ede ekip la ranpòte koup Amerik yo an 1999 . Prezidan ekip-la Kevin Payne , di Onalfo pataje espri ak filozofi ekip-la ki se atake tout-tan ak boul-la ou san boul-la.

Foutbòl / Eròp

Nan Mercato-a( mache trasfer-la ), antrenè ekip Inter de Milan-an konfirme depa entènasyonal fransè Patrick Vierra ki preske jwenn yon kontra ak manchester City ann Angletèr. Sepandan Mourinho chwazi titularize Viera nan match Inter pral jwe kont Verone nan kad 18 tièm jounen Calcio-a Mèkredi 6 Janvye a.

Frank Ribery pa ekate posibilite pou-l pwoloje kontral ak Bayern de Munik ---yon kontra kap fini an an 2011.

Tennis/ Brisbanne

Nou pral nan Brisbane . Gael Monfils domine konpatriyòt-li Florent Serra ( an 3 sèt :

6/7 7/6 6/1). Nan kar de final lap rankontre ak ameriken James Blake. Tchèk Thomas Berdych elimine san pwoblèm chipriyòt Marcos Bagdatis an 2 sèt : 6-0, 6-1. Ameriken Andy Roddick kale Ostralyen Carten Ball 7-6, 6-3. Kay medam-yo , Justin Henin kalifye pou kar de final apre viktwa lojik-li sou Karatan-tcheva 6-4, 6-3. Nan kar de final Henin ap rankontre ak Hongroise Melinda Czink.

Nan doha, suis Roger Federer ap amuze-l . Madi 5 Janvye li kale san pwoblèm bèlj Cristopher Rochus an 2 sèt : 6-1, 6-2. Nadal te kalifye tou .

Tennis/ Aukland

Tenis . Nan tounwa Okland-nan (Nouvèl Zeland ) , italyèn Flavia Pennetta(1) kalifye pou kar de final apre viktwa-l sou espayòl Carla Suarez Navarro: 2 sèt a 0 : 6-2, 6-2. Shahar Peer , moun peyi Izrayèl kale slovak Magdalena Rybarikova an 2 sèt rapid : 6-1, 6-0.Bèlj Yanina Wickmayer (3) elimine woumèn Ioana Raluca Olaru an 2 sèt : , 6-2, 6-2. Viktwa tou pou italyèn Francesca Schiavone(4) sou endyèn Sania Mirza, 6-0, 6-3. Yon lòt kalifye se rus Maria Kirilenko sou Kaia Kanepi moun peyi Estoni an 2 sèt : 6-2, 6-3.

XS
SM
MD
LG