Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Anonse Kèk Refòm Nan Sistèm Sekirite Etazini


Prezidan Barack Obama anonse jodi madi a yon seri refòm nan lit Lèzetazini ap mennen kont teworism, aprè tantativ rate yon militan ki lye ak rezo Al-Qaïda te fè 25 desanm pase a, pou l fè eksplozif sote nan yon avyon ameriken ki tap sòti nan vil Amsterdam, nan La Oland, pou rive nan vil Detroit, nan eta Michigan.

Prezidan Obama prezante prensipal pwen nan nouvo mezi yo, pami yo chanjman nan lis teworis la, apre yon rankont avèk prensipal manm nan ekip sekirite nasyonal la. Mesye Obama te konvoke responsab yo nan lamezon pou diskite sou revizyon ki kontinue ap fèt nan sistem sekirite Lèzétazini, apre yon sitwayen nijeryan te swadizan eseye sote kèk eksplozif abò yon vòl konpayi avyon Northwest Airlines.

Prezidan Obama deklare devan jounalis ki te rasanble nan Mezon Blanch ke alatèt chak depatman ki konsène nan dosye a pran responsablite yo pou twou vid ki gen nan sistèm nan e yo pral chache solisyon yo prese-prese.

XS
SM
MD
LG