Lezetazini ak Lagrand Bretay fèmen anbasad yo nan peyi Yemen jodi dimanch la akòz kè-sote pou menas teroris. Pi gwo konseye Prezidan Obama pou aktivite kont teroris, John Brennan, di televizyon CNN anbasad la fèmen paske gen siy ki fe kwè al-Qaida ap planifye yon atak nan Sanaa, kapital Yemen, pètèt kont yon misyon diplomatik. Rezo teroris la te deja atake anbasad Etazini an an 2008.
Grand Bretay fè konnen li gen entansyon pote kole ak Etazini pou finanse yon inite polis anti-teroris nan Yemen, ak òganizasyon yon konferans entènasyonal pita mwa sa a sou sekirite nan nasyon arab la. Jounalis yemenit Hakim Almasmari di nenpòot atak militè etranje sou Yemen ta ka gen konsekans negatif.
Almasmari di al-Qaiya fèb kounye a nan Yemen ak pa plis ke 400 fidèl. Men l'ap vin pran fòs si Etazini ta atake peyi a, paske moun ki ta pèdi fanmi yo nan atak sa yo t'ap senpatize ak òganizasyon teroris la.
Fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la pou w ka koute repòtaj la.