Accessibility links

Breaking News

Nan Okazyon 206èm Anivèsè Endepandans Ayiti, Lèzetazini Pwoklame Solidarite li ak Pèp Ayisyen an


Vandredi premye janvye 2010 la pral make 206èm. anivèsè pwoklamasyon endepandans peyi Dayiti. Nan okazyon an, chèf diplomasi amerikèn nan, Hillary Clinton, fè parèt yon deklarasyon nan non gouvènman ameriken an pou l montre, antwòt, solidarite Lèzetazini avèk Ayiti. Men sa Sekretè Deta Clinton di nan nòt la:

" Nan non prezidan Obama e nan non pèp ameriken an, nou felisite pèp Repiblik Dayiti a nan moman lap selebre 206èm. anivèsè endepandans li nan dat premye janvye 2010 la. Se yon okazyon pou nou onore istwa ak eritaj Ayiti epi sonje ewo ki te fonde premye repiblik nwa endepandan an, non sèlman gran pèsonaj tankou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines ak Alexandre Petion, men tou bann fanm ak gason ki te kanpe pou defann dwa pou yo viv an tanke moun lib e pase eritaj libète sa a bay jenerasyon ki tap vini aprè yo. Bèl mèvèy pèp ayisyen an reyalize chanje figi mond nou an, e istwa li a kontinye reprezante yon enspirasyon jous jounen jodi a.

Nou apresye tou anpil kontribisyon ameriken dorijinn ayisyèn yo pote bay kilti ak pwosperite Lèzetazini. 2 peyi yo makònen ak yon lyen zanmitay e yon lyen fanmi ki solid… Inyon sa a chita a la fwa sou istwa nou pataje ak espwa komen nou genyen pou lavni.

Lèzetazini te kanpe djanm ak Ayiti apre siklòn trajik ane 2008 yo, e nou mentni angajman pou n sèvi kòm yon patnè e yon zanmi pou peyi a. Ane 2009 la se te yon ane rekonstriksyon ak renouvo, e ayisyen yo kapab santi yo fyè pou sa yo reyalize. Nan moman ane 2010-la ap kòmanse, Ayiti twouve l sou wout pou l genyen yon avni solid, kote li pare pou l demontre li pran chemen kap mennen n nan pwòp kwasans ekonomik li, nan swen sante ak pwòp sekirite pa l.

Mwen fè pou Ayiti souwè ki chaje chalè pou yon ane tou nèf kote lapè ak pwosperite va blayi sou peyi a. »

----------------------------------------------

Toujou nan okazyon 206èm. anivèsè endepandans peyi Dayiti :

Nan apremidi jounen premye janvye 2010 la, Pawas Sakrè Kè nan Washington D.C., ap mete sou pye, kòm li fè sa depi kèk ane deja, yon seri aktivite kote manm kominote a pral reyini pou yo selebre inite --inite sa a ki te rann endepandans la posib an 1804. Nan tèt inisyativ la nou jwenn Reveran Pè Arsène Jasmin ki di nou, pami eleman ki nan pwogram nan, pral genyen:

-Yon mès daksyon de gras kote fidèl yo pral di Bondye mèsi pou jounen an. Objektif la se non sèlman selebre anivèsè endepandans peyi Dayiti, men tou make yon jou enpòtan ki se « Jounen Entènasyonal Lapè » ;

-Yon pati kiltirèl ak patisipasyon divès atis, aktè ak aktris ki pral fè kominote a sonje enpòtans premye janvye a nan Listwa Dayiti ;

-Epi anfen yon soupe kominotè kote tout envite ak tout òganizatè pral bwè soup joumou premye janvye a, "soup endepandans la", pou n site Pè Jasmin ki di nou Pawas Sakre Kè envite tout manm kominote a pwofite okazyon an pou youn montre solidarite pou lòt epi priye pou peyi Dayiti konnen yon demen miyò.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG