Accessibility links

Breaking News

Rekonstriksyon Ayewopò Vil Kap-Ayisyen an Ap Demare An Janvye 2010


Ministè Travo Piblik Ayiti ak yon konpayi "kiben-Venezyelyen" ap pare pou yo mete men nan travay modènizasyon ayewopò vil Kap Ayisyen an--dezyèm vil peyi Dayiti--nan mwad janvye 2010 kap vinn la a. Minis travo piblik ayisyen an, Jacques Gabriel, di ministè li a enplike dirèkteman nan pwosesis konstriksyon an ki dwe dire 6 mwa e kap koute 33 milyon dola. Nan yon entèviou li bay Lavwad'lamerik, misye Gabriel presize nouvo edifis ki pral loje ayewoga a ap konfòm ak standard tout ayewopò enpòtan, kit se sou plan enfrastrikti ke sou longè pis aterisaj la ki pral pèmèt gwo avyon ateri Okap-Ayisyen.

Nan yon sans, minis Jacques Gabriel di ayewopò Kap-Ayisyen an pral "kore" ayewopò Toussaint Louverture a nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens.

Fè yon klik sou ralonj ki anlè e adwat atik sa a pou'n koute yon ekstrè nan entèviou misye Gabriel bay kèlèg nou, Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG