Ajans nouvèl ofisyèl iranyen an, IRNA, site deklarasyon Chef Polis Teheran an, ki fè konnen 5 moun pèdi lavi yo nan manifestasyon vyolan ki te fèt jodi a. Sepandan, li pa bay detay sou sikonstans ki fè 5 moun sa yo mouri. Anvan sa, otorite yo te ensiste pat gen okenn ka lanmò.
Yon koseye lidè opozisyon an nan peyi Iran, Mir Hossein Mousavi, konfime nouvèl ki fè konnen yon ti neve msye Mousav, Ali Mousavi, jwenn lanmò jodi dimanch la nan afwontman ki fèt nan kapital iranyèn nan ant sòlda mele ak milisyen gouvènman an, e patizan refom ki t'ap pwoteste. Lavwadlamerik resevwa plizyè foto viktim ki sanble yo pran bal pandan manifestasyon-yo.
Lapolis anonse arestasyon anviwon 300 moun jodi a nan vil Teheran. Toutfwa li difisil pou laprès verifye chif k'ap soti yo paske gouvènman Ahmadinejad la entèdi media etranje fè repòtaj sou manifestasyon yo.
Pou w ka koute repòtaj la an detay, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.