Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Ranmase ak Rèn Mizik Bikutsi a: Lady Ponce


Lady Ponce, chantèz peyi Kamewoun (Cameroun) bèso ritm Makossa a sou kontinan afriken an se envite Serge Rodriguez pou yon dezyèm ranmase sou fenomèn mizikal sa a nan Ritm Karayib 18 desanm 2009 la.

Sepandan, malgre Miss Ponce se moun Kamewoun li pa jwe mizik Makossa. Li se yon atis Bikut-si--yon lòt ritm andyable kamewounè kap vale teren pi plis chak jou nan Cameroun ak nan lòt peyi afriken yo.

Ritm Bikut-si gen rasin li plante nan kilti ak tradisyon kominote Beti a yo estime ki gen 1 milyon abitan avèk twa gwoup etnik: Ewondo, Bulu ak Eto. Bikut-si se non tou yon dans tradisyonèl fi nan Kamewoun. Yo jwe e danse Bikut-si nan Sant ak nan Sid peyi a.

Bikut-si se yon mo Ewondo ki vle di batman tè a. Bikut:pulsions, battements. Si: terre. Les pulsions de la terre. Jan nou pral tande li nan segman Serge Rodriguez la, Bikutsi tounen youn nan fòm ekspresyon kiltirèl pi popilè nan Kamewoun.

Jounen jodi a, Bikut-si ap taye zèb anba pye mizik Makossa a--ki, jiskaprezan, rete ritm nimewo atravè peyi a.

XS
SM
MD
LG