Accessibility links

Breaking News

Demokrat Nan Sena Ameriken an Franchi Yon Nouvo Pa nan Direksyon Refòm Pwogram Asirans Sante a


Sena ameriken an fè yon pa an avan sou wout pou l vote yon plan refòm sistèm asirans sante a Ozetazuni--vòt ki kapab dewoule pi ta semèn sa a menm. Nan premye pati jounen jodi a, majorite demokrat nan Gran Kò a ak alye endepandan yo, rive jwenn 60 vwa yo bezwen pou yo mete fen nan deba ki tap fèt sou lejislasyon an epi prezante l devan tout sena a.

Se konsa tou majorite a rive apwouve yon seri chanjman kap mache ak plan refòm nan e sena byen kapab vote sou dokuman an jedi 24 la, swa lavèy jou nwèl la. Mèkredi 23 desanm nan, senatè yo genyen yon lòt vò̀t fòmalite yap òganize anvan vòt final la.

Prezidan Barack Obama fè efò kap fèt pou plan refòm nan pase nan Kongrè a, tounen youn nap gwo priyorite gouvènman n' nan. Vrèman vre, pandan lidè ameriken an tap pale sou dosye a yè lendi a, li fè konnen vòt ki pase nan sena a e kap pèmèt Kongrè a avanse ak deliberasyon lap fè sou yon plan refòm nan, se yon gwo kokenn viktwa pou pèp ameriken an. E li fè konpliman pou aksyon sena a pran la a.

Misye Obama di: “le fèt ke sena a leve kanpe kont group ki gen enterè espeysyal yo, gwoup ki te pase plizyè dizèn dane ap anpeche refòm fèt nan sistèm swen sante a, e ki fè demach kou moun fou pou yo anpeche yon vòt konsa pase, eben, ak aksyon sa a sena a pèmèt nou avanse pi pre yon refòm ki pral fè bèl diferans pou anpil fanmi, pou gran moun aje yo, pou biznis yo e pou peyi a an jeneral.

Asosyasyon Medikal amerikèn nan--ki reprezante doktè ak famasyen tou patou atravè Lèzetazuni--deja anonse li apiye plan refòm nan jan majorite demokrat la nan Kongrè a vle apwouve l la. Doktè Cecil Wilson pale yè lendi a nan non asosyasyon an.

Doktè Wilson di “Asosyasyon Medikal Amerikèn nan pote kole ak tout refom nan system swen sante a ki amelyore sistèm nan pou malad yo e pou doktè kap pran swen malad yo".

Sepandan manm republiken Kongrè a pran angajman pou yo kontinye batay la, paske plan refòm majorite demokrat la ap pouse la a pa parfè, daprè yo, e li pap pote chanjman pozitif pèp ameriken an bezwen.


XS
SM
MD
LG