Accessibility links

Breaking News

"Echèk Entèdi!" Deklarasyon Nicolas Sarkozy Nan Somè Kopennag la


Plizyè lidè sou sèn politik mondyal la eksprime krent yo genyen pou somè sou chanjman klima yo pa debouche sou yon echèk, akoz gwo divizyon ki egziste ant nasyon rich yo ak nasyon pòv yo sou kesyon rediksyon kabòn ak finansman efò kont polisyon.

Pou Premye-Minis ostralyen an, Kevin Ruud, pa gen pèsonn ki vini nan Kopennag ak men l' pwòp. Lidè ostralyen an di, “verite pèsonn pa ka inyore a, sè ke nou-menm, peyi devlope yo, nou pote pifò responsablite istorik pou pakèt gaz anpwazonnen ki nan atmosfè a e k' ap rechofe planèt tè a.”

Bò kote pa l', Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, avèti kapab gen yon dezas politik si konferans Kopennag la echwe. Prezidan Sarkozy deklare ak tout fòs: "Echèk entèdi!"

Isit Washington, Lamezon blanch di li ta pi bon pou Prezidan Barack Obama kite Kopennag vandredi san li pa siyen yon nouvo trete sou chanjman klima yo, olye pou l’ta apwouve yon trete ki pa bon.

Plis ke 100 Chèf Deta ak Chèf Gouvènman ap prezan vandredi 18 desanm nan nan kapital Dànwaz la pou rankont-o-somè kap boukle konferans ane sa a.

XS
SM
MD
LG