Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-KEP Nan Okazyon Anivèsè Eleksyon 16 Desanm 90 la


Pati Lavalas ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide la manifeste mèkredi nan Pòtoprens nan Okazyon 19 vyèm anivèsè eleksyon lidè Pati a. Manifestan yo te pwofite okazyon an pou denonse "eksklizyon" Lavalas nan pwosesis elektoral la e yo mande pou Konsèy Elektoral Pwovizwa a remèt demisyon li.

Korespondan nou Clarens Renois kouvri pwen sa a nan yon korespondans depi kapital ayisyen an, Pòtoprens.

Antretan, premye minis ayisyen an, Jean-Max Bellerive, kap fè yon vizit nan Montréal, Canada, rankontre ak majistra kominal vil sa a pou disktite sou Eta kooperasyon ant Pòtoprens ak Montréal ki se 2 vil marasa. Paulson Pierre-Philippe, koòdonatè aktivite kooperasyon ant 2 vil yo ap eksplike kòlèg nou, Jean-Pierre Leroy, gran pwen vizit premye minis Bellerive la.

Pou lòt pwen kap fè aktyalite a, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a


XS
SM
MD
LG