Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo Kòmanse Rive Nan Somè Kopennag la


Lidè mondyal yo ap pran wout kapital Dànwaz la, Kopennag, pou yo asiste dènye faz somè sou chanjman klima yo. Sekretè-Jeneral L’ONU an, Ban ki-moon, se youn ladan yo.

Msye Ban di “Kopennag kapab tounen, e li dwe tounen, moman desizif nan efò lemond ap deplwaye pou frennen kous chanjman klimatik yo e inogire yon peryòd kwasans vèt pou tout moun sou planèt la.

Avèk arive lidè mondyal yo (pami yo, Prezidan Barack Obama), gen analis ki di lè a rive pou gen pwogrè serye sou dosye enpòtanyo. Opinyon Bob Ward, yon ekspè ki nan vil Lond, sè ke gen moun ki santi ke lè lidè sa yo debake nan jou kap vini yo, yo pral kapab simonte kèk nan dezakò yo.

Msye Ward panse sa ki pi enpòtan pou lidè mondyal yo se fikse atansyon yo sou prensipal objektif yo, olye de metòd k'ap debouche sou yon akò.Li di,"Yap kapab rezoud pwoblèm sa a apre Kopennag, yon fwa nou fin jwenn akò enpòtan sou kantite egzat gaz rechofan ke nou pral redui, epi konbe lajan n'ap bay ti peyi yo pou ede yo nan efò sila a.”

Bank Mondyal prevwa ke ajisteman ki nesesè akoz chanjman klima yo pral koute jiska 100 milya dola chak ane, pou rive jis nan lane 2050.

XS
SM
MD
LG