Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Barack Obama ak Dirijan Gwo Bank yo o Zetazini


Prezidan Barack Obama mande dirijan gwo bank yo o Zetazini ogmante kantite prè yap mete a la dispozisyon konsomatè ak antrepriz yo e pou yo apiye refòm lap eseye pote nan sektè finansye ameriken an.

Mesye Obama te pale ak laprès apre yon chita-tande li te fin fè nan Lamezon Blanch yè lendi a ak 12 dirijan sektè bankè a (PDG gwo bank yo).

Prezidan Obama di mesaj li vle transmèt bay sektè finansye a se yon mesaj ki senp. Nap site : « Bank amerikèn yo te resevwa yon asistans finansyè ekstrawòdinè nan men kontribyab yo dekwa pou yo te kapab rebati endistri yo a.

Kounye a yo rekanpe sou 2 pye yo e nou atann nou aske yo pran bon jan angajman pou yo ede ekonomi nou an repran jarèt. »

Lidè ameriken an ajoute premye dispozisyon bank yo dwe pran nan sans sa a, se ogmante kantite lajan yap prete ti antrepriz ak antrepriz mwayen yo ki jwe wòl aktè prensipal la nan kreyasyon travay nan peyi a . Misye Obama di li ka konprann ke bank yo pa vle fè prè ki gen risk tankou sa ki te kreye move sitiyasyon ekonomi amerikèn nan ap travèse a. Sepandan gen fason yo ka itilize pou yo redui risk yap pran yo, dekwa pou yo bay òmdafè yo yon kout men. Sitasyon :

« Etan done difikilte pwopriyetè biznis yo ap konfwonte poutèt gen mwens prè ki disponib, e etan done bank yote resevwa gwo asistans pou yo te ka sòti nan yon peryòd difisil, nou atann nou aske yo eksplore tout mwayen ki fè sans e ki responsab pou yo remete ekonomi amerikèn nan sou ray. »

Nan yon ti pwen-de-près tou kout prezidan an bay menm yè lendi a, li lanse apèl tou pou l mande bank yo apiye efò kap fèt pou pote refòm nan sistèn sèvis endistri finansye a ofri. Li fè konnen, daprè sa l aprann nan rankont ak prezidan-direktè jeneral bank yo, mesye-dam sa yo pa gen pwoblèm pou yo kore tout plan refòm nan domèn nan. Sepandan prezidan an fè konnen li okouran sitiyasyon kote bank yo gen entèmedyè, yo gen demachè kap chache elimine tout lejislasyon ki nesesè pou refòm sa a tounen reyalize.

« Alòs, mwen pale klè pou m di li nan enterè peyi a e, a la fen dè fen, li nan enterè endistri finansye a, pou nou genyen règleman tou nèf, règleman modèn, kap sèvi kòm gadfou sou wout la pou n evite abi ek eksè. »

Nan yon entèvyou Prezidan Obama te bay chèn televizyon CBS --entèvyou estasyon sa a te difize yon jou anvan chita-pale yè lendi a ak PDG bank yo-- li pat kite okenn dout sou le fèt ke l kòmanse pèdi pasyans ak mesye Wall Sreet yo, e li presize li pat chache vin prezidan pou l ede yon bann dirijan bank ki chaje ak lajan, epi pou mesye-dam sa yo pa ta vle ede piblik la. Misye Obama pale konsa nan moman anpil ameriken ap kritike l deske li te sèvi ak lajan kontribyab yo pou l ede PDG gwo biznis yo, alòske gwo majorite sitwayen yo ap fè fas ak pwoblèm ekonomik grav, e yo pa jwenn moun pou ede yo.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG